CARICOM sele fen rèy Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) epi li otorize yon konsansis nan 28 jou.
Manda Konsèy prezidansyèl tranzisyon an pral pran fen nan 28 jou, swa 7 fevriye. Se sa Gwoup pèsonalite eminan (GPE) nan Kominote Karayib la raple nan yon deklarasyon ki pibliye vandredi 9 janvye 2026 la. Pou palye a depa KPT a, CARICOM otorize aktè yo pou twouve yo menm yon konsansis anvan dat echeyans lan pou evite repèkisyon endezirab sou peyi a.
Nan yon deklarasyon ki pibliye vandredi 9 janvye 2026 la, Gwoup pèsonalite eminan nan CARICOM vle klè sou sa : << manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ap pran fen 7 fevriye 2026. >>
Gwoup Pèsonalite Eminan ki se aktè majè nan chèche solisyon a kriz ayisyèn nan eksprime preyokipasyon li fas a lantè pati prenan yo pou twouve yon tèren antant epi ralye yo otou yon akò konsansyèl ayisyen sou yon pwosesis tranzisyon altènatif malgre pwen konvèjan ki relve nan diferan pwopozisyon ki rann piblik yo.
Gwoup pèsonalite eminan an rele aktè ayisyen yo pou fè prèv patriyotis mete pi wo sou tout lòt konsiderasyon epi otorize yo pou vini yo menm a yon konsansis anvan 7 fevriye 2026.
Si sèten Konseye-prezidan genyen entansyon pou rete nan pòs aprè 7 fevriye, CARICOM ki se yon estrikti rejyonal ki te patisipe nan mizanplas tranzisyon an nan peyi Ayiti kalme jwèt la pandan li presize misyon an ap bout 7 fevriye k ap vini la.
Deklarasyon Eminan Pèsonalite CARICOM nan vini, alòske jou yo ap vanse a gran pa, nan yon kontèks ijans ki koyenside avèk faktè tan ki devni krisyal. Jou nèf Konseye-prezidan yo konte nan tèt peyi a piske manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pral rive nan bout li nan 28 jou ki se ap 7 fevriye, daprè CARICOM.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE