Depite Berny Jacques, ki reprezante 59 èm Distrik Florid la anba pati Repibliken, depoze yon pwojè lwa ki rele HB 1307, jou ki te 8 janvye 2026 la. Pwojè lwa sa a vize sere boulon sou migran san papye k ap viv nan Florid.
Selon dokiman an, si lwa a pase, migran san papye pap gen dwa louvri kont labank, voye lajan aletranje, resevwa èd pou achte kay, ni menm touche lajan si yo fè aksidan nan travay. Lwa a prevwa tou pinisyon sevè kont tout antrepriz ki bay migran san papye travay.
Yon konpayi ki anplwaye migran san papye volontèman ka wè lisans komèsyal li sispann pou 1 a 5 lane, e menm retire nèt. Amann yo kapab rive ant 10 mil ak 250 mil dola pou chak vyolasyon. Si yon antrepriz anplwaye jiska 50 migran san papye, li ka fè fas ak akizasyon kriminèl twazyèm degre.
Depite Berny Jacques, ki fèt an Ayiti, di li prezante pwojè lwa sa a pou eliminen tout politik ki ankouraje imigrasyon ilegal nan Florid. Pwojè lwa a deja ap pwovoke anpil deba, sitou nan kominote imigran yo.