Plizyè pati politik, regroupman, pòl politik, òganizasyon sendikal, enstitisyon sosyete sivil ak pèsonalite nasyonal lanse, jedi 15 Janvye 2026 la, yon apèl solanèl pou konstwi yon altènatif konsansyèl pou sòti peyi a nan kriz pwofon li ap travèse a.

Nan yon deklarasyon konjwen ki pibliye nan yon lespri patriyotik, siyatè yo di yo rekonèt ofisyèlman ke 7 fevriye 2026 ap make fen manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), jan sa prevwa nan Akò 3 Avril 2024 la. Fas ak delika sitiyasyon politik, sekirite ak sosyal peyi a, aktè sa yo fè chwa pou yon nouvo gouvènans enterimè enklizif, ki ta dwe rasanble tout fòs vivan nasyon an.

Nan dokiman an, siyatè yo rekòmande òganizasyon yon Konvansyon Nasyonal, kote tout pòl politik ak sosyal yo ta dwe patisipe. Konvansyon sa a ta fèt sou direksyon yon Kolèj Nasyonal Fasilitasyon, ki ta gen ladan l plizyè enstitisyon kle, pami yo :
Religions pour la Pè, pou reprezante divès konfesyon relijye yo ;

CORPUHA, pou reprezante inivèsite yo ;

Chambre de Commerce et d’Industrie d’Haïti, atravè chanm depatmantal yo ;

Rassemblement Citoyen, kòm reprezantan sosyete sivil la.

Anplis sa, siyatè yo lanse yon apèl fò bay tout aktè nasyonal yo pou yo fè prèv responsablite sitwayèn, epi mete enterè siprèm Nasyon an anvan tout lòt konsiderasyon pèsonèl oswa politik.

Sou plan entènasyonal la, yo mande patnè etranje yo pou yo respekte angajman yo te pran anvè Ayiti, espesyalman nan sa ki gen rapò ak ranfòsman fòs nasyonal sekirite yo, yon eleman kle pou retabli lòd ak estabilite nan peyi a.

Finalman, siyatè yo envite popilasyon an pou l rete vijilan epi mobilize, pou akonpaye inisyativ sa a, yo konsidere kòm sèl chemen ki kapab evite kawo, epi pèmèt peyi a jwenn yon gouvènans politik serye, lejitim, e ki jwenn akseptasyon majorite enstitisyon politik, sosyal ak moral yo.

Men lis siyatè yo

Collectif des Acteurs Haïtiens pour le Développement et l’Organisation Alternative:
Guibert BARTHÉLÉMY
Abel DESCOLLINES
Jean FRESLY

2. Force Louverturienne Réformiste/ Consortium Patriotique :
Emmanuel MÉNARD
Charles Pedro MARCELYN

3. PATRIM/ Consortium Patriotique :
Sofia LORÉUS

4. Organisation pour une Nouvelle Haïti :
Joubert MONDESIR
André RAPHAËL

5. Coalition Nationale / Consortium Patriotique :
Fritz PIERRE

6. Bloc du Milieu/ Consortium Patriotique:
Bernard LAHENS

7. PARASOL:
Yvon BONHOMME
Lovely ALEXIS

8. Kowalisyon Fanm Vanyan :
Myriam Paula MAGLOIRE
Judith SÉNATUS

9. Mouvement pour la Sauvegarde de la Démocratie :
Lickel PIERRE
Péres CASÉUS

10. Rassemblement de la Diapora / Consortium Patriotique
Myrlène BLOT

11. Ashley LOUIS
Citoyen Angagé

12. Joseph Yvon Feuillé
Ancien Président du Sénat

13. Centrale Nationale des Ouvriers Haïtiens / Consortium Patriotique
Dominique ST-ÉLOI

14. Organisation pour le Changement d’Haïti :
Jean Claude FRANÇOIS
Maryline JACQUES

15. Association des Agents de Sécurité Professionnels/ Consortium Patriotique :
Junior DÉROSE

16. Union des Démocrates :
Victoire C. LAROCHE

17. Collectif des Jeunes :
Arnouald SÉVÈRE
Josie VOLTAIRE

18. Union des Patriotes pour l’Avancement National / Consortium Patriotique :
Marc GUILLAUME

19. Konekte Haïti :
Evens JEAN

20. Regroupement des Jeunes Étudiants et Universitaires Haïtiens :
Marie Mirtha MORANTUS

21. Peyizan An Mouvman :
Valice LANORD

22. Ligue Dessalinienne :
Josué CASSÉUS
Marie Claudette REGIS

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841