20 janvye 2026 make yon lane depi Donald Trump reprann pouvwa a Ozetazini. Men nan konsyans mond lan, li pa sanble ak douz mwa. Li sanble ak ven lane. Ven lane tansyon, ven lane chòk, ven lane desizyon ki frape tankou kout mato sou lòd mondyal la. Nan espas yon sèl lane, Trump rive fè sa plizyè lidè pa reyalize nan de deseni : boulvèse alyans yo, destabilize enstitisyon yo, divize sosyete ameriken an pi fon pase tout epòk modèn lan, epi mete rès mond lan nan yon eta vijilans pèmanan.
Sosyete ameriken an jodi a pa jis polarize, li fann an de. Diskou laperèz vin nòmal. Rayisman vin banal.Minorite yo ap viv ak kè sote. Migran yo ap viv ak sikatris pèmanan. Jistis la anba presyon. Medya yo sou atak. Verite a relativize. Tout sa fèt anba yon seri desizyon devan dèyè, kontradiktwa, impulsif, kote politik etranjè vin tounen zouti chantaj, e politik enteryè vin tounen yon batay san règ.
Gouvènans lan pa chita sou vizyon, men sou konfli. Sou plan entènasyonal, Trump pa dirije, li pwovoke. Li kraze konfyans ant alye istorik yo, li renforce lojik fòs olye dyalòg, li louvri pòt pou ekstrèm dwat toupatou, li banalize lagè ekonomik, li fè diplomasi tounen menas. Mond lan ap viv ak enkyetid kontinyèl, paske chak deklarasyon, chak tweet, chak desizyon ka vin yon kriz mondyal. Stabilite vin tanporè, ensètitid vin nòmal. Sa ki pi danjere a, se eritaj mantal sa a ap kite dèyè li : yon mond kote demokrasi parèt fèb, kote fòs pase sou lalwa, kote verite pa gen menm pwa ankò, kote pèp yo abitye ak laperèz.
Trump pa sèlman dirije Etazini, li dezekilibre planèt la. E si yon sèl lane ka pwodwi tout sikatris sa yo, kestyon an pa sa li deja fè, men sa ki rete pou l fè si pa gen okenn kontrepwa serye.
20 janvye 2026 pa ta dwe selebrasyon. Li se yon avètisman.
Avètisman sou danje yon pouvwa san limit, san etik, san vizyon kolektif. Paske lè yon lidè fè mond lan viv tankou li sou kwen ravin, se pa sèlman yon peyi ki an danje se lòd mondyal la tout antye.
Jean Launy AVRIL, editoryalis-Centre à la Une