Konseye-Prezidan Leslie Voltaire ak Edgard Leblanc Fils bay nan Viladakèy, jounen vandredi 23 janvye 2026 lan, yon konferans pou laprès pou pale de sitiyasyon politik peyi a epi kòman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an ap jere peryòd fen manda li an ki ap bout 7 fevriye ki ap vini la a. Nan yon ekspoze Konseye-Prezidan Leslie Voltaire fè nan sikonstans lan, li fè konnen malgre tout efò KPT a fè pou soutni travay gouvènman an, atant popilasyon an pa rive konble. Nan sans sa a, Konsèy la deside pran yon rezolisyon pou revoke Premye minis Alix Didier Fils-Aimé epi mete yon lòt ki soti nan menm gouvènman an pou asire enterima a epi ede peyi a jwenn pi bon fòmil pou jere peryòd tranzisyon politik la apre depa KPT a.
Bò kote pa li, Konseye-Prezidan Edgard Leblanc Fils deklare desizyon pou chanje Premye minis lan pran pou kapab pèmèt sa k ap fèt nan ti bout tan tou kout KPT a rete a, fèt byen. Li anonse yon nouvo Chèf gouvènman ta dwe okipe fonksyon an pandan 30 jou pou kapab fasilite tranzisyon politik la.
Konseye-Prezidan yo te reponn kesyon jounalis yo epi sitou raple entènasyonal la pa gen okenn pouvwa pou dikte desizyon yo dwe pran nan peyi yo. Se Ayisyen ki dwe pran rezolisyon pou Ayisyen pou fasilite estabilite nan peyi a.