Sekretè Deta ameriken an Marco Rubio echanje vandredi 23 janvye 2026 sa avèk chèf gouvènman ayisyen an, se sa depatman Deta fè konnen. Sitiyasyon sekiritè agravan peyi a ak nesesite pou prezève estabilite enstitisyonèl te nan mitan diskisyon yo.
Yon lòt bò, pandan yon konferans pou laprès ki bay vandredi 23 janvye sa, @leslievoltaire akonpanye Edgard Leblanc Fils raple se te premye chwa yo ki te pote Alix Didier Fils-Aimé nan tèt gouvènman an. << Aprè yon lane suivi ak obsèvasyon, li klè PM Alix Didier p at alawotè nan sa ki konsène atant popilasyon an. Nou konsidere se nan devwa nou pou prepare relèv ak pèmèt enstalasyon yon nouvo gouvènman, yon nouvo Premye ak yon nouvo prezidans apati 7 fevriye >>, se sa reprezantan Fanmi Lavalas la nan KPT a deklare.
Konseye-prezidan Leslie Voltaire ak Edgard Leblanc Fils reyini an konferans pou laprès nan Vila Akèy pou afime yo te siyen yon arete ki revoke Chèf gouvènman an, alòske Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak Kòdonatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an Laurent Saint-Cyr te twouve yo nan seremoni gradiyasyon 35èm pwomosyon Polis Nasyonal Ayiti (PNH). De (2) Konseye-prezidan yo endike yo te jwenn yon majorite 5/7 pou valide rezolisyon sa, pandan yo presize << se te yo ki te nonmen Premye minis Fils-Aimé donk yo nan dwa yo pou veye pou genyen yon nouvo gouvènman, yon nouvo Premye minis ak yon nouvo prezidans pou pran kontwòl la aprè 7 fevriye >>.
Plis n ap apwoche de dat 7 fevriye 2026 la, se plis soutyen entènasyonal yo ap fè santi yo anfavè Premye minis Alix Didier Fils-Aimé. Pandanstan, manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon yo ki te siyen rezolisyon ki vize destitye Alix Didier Fils-Aimé pa vle lache bay epi kanpe sou pozisyon yo, malgre menas kominote entènasyonal la. Tansyon an rete men wotè nan pi wo nivo Leta. Ant presyon kominote entènasyonal la k ap soutni vizibleman Alix Didier Fils-Aimé ak rezistans Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki jire pou Premye minis lan kite Primati a, peyi a ap plonje pi plis nan kriz la.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE