Kominote Karayib la (CARICOM) fè konnen mèkredi 27 janvye 2026 la, li gen gwo enkyetid sou sitiyasyon tansyon ak konfli entèn k ap dewoule nan pi wo nivo Egzekitif ayisyen an, nan yon moman peyi a ap travèse yon faz trè sansib ki mande estabilite, bon sans nan pran desizyon ak respè pou enterè pèp la.
Nan yon kominike ofisyèl, CARICOM raple popilasyon ayisyen an ap kontinye viv anba vyolans san parèy, ensekirite ak gwo mizè. Òganizasyon rejyonal la estime li ijan pou otorite ayisyen yo mete byennèt pèp la an premye, olye yo kite divizyon politik kontinye fè peyi a vin pi fèb.
CARICOM raple, dapre dekrè ki te kreye Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ansanm ak Akò Politik 3 avril 2024 la, manda KPT a pral fini 7 fevriye 2026.
Òganizasyon an kritike blokaj k ap fèt kounye a anndan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, apre tantativ san rezilta kèk manm te fè pou revoke Premye Minis la. Dapre CARICOM, enpas sa a rann pwosesis tranzisyon politik la pi konplike toujou, nan yon kontèks ki deja frajil.
Pandan tout tan sa a, CARICOM souliye pèp ayisyen an kontinye peye gwo pri a, anba vyolans ak privasyon ki pa imajinab. Òganizasyon an deklare sitiyasyon sa a pa akseptab e li lanse apèl bay tout aktè politik ak enstitisyonèl yo pou yo mete diferans yo sou kote epi chèche yon konsansis nasyonal.
Nan sans sa a, Gwoup Pèsonalite Eminan CARICOM lan fè konnen li rete disponib pou akonpaye tout pati konsène yo, pou fasilite yon antant ant plizyè pwopozisyon ki deja egziste yo.
CARICOM fè konnen pi gwo espwa li se mete fen nan divizyon politik la, ki selon li, sèlman sèvi enterè gang ame yo. Òganizasyon an mande pou retablisman estabilite politik dirab, sekirite ak lapè, kondisyon ki nesesè pou òganize eleksyon kredib epi relanse peyi a sou chimen kwasans ekonomik ak devlopman dirab, pou benefis tout Ayisyen.
Nan konklizyon, CARICOM lanse yon apèl bay tout aktè ayisyen yo pou yo mete lavni peyi a ak pèp la pi wo pase tout enterè pèsonèl oswa politik, epi pou yo aji ak responsablite, ijans ak patriyotis.