Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) lanse, samdi 31 janvye 2026, premye faz distribisyon chèk sibvansyon lekòl yo pou ane akademik 2025-2026 la. Nan premye etap sa a, 271 paran resevwa chèk pou ede peye frè lekòl pitit yo.
Daprè responsab FNE yo, chèk yo fèt dirèkteman sou non enstitisyon lekòl yo, yon dispozisyon ki vize asire transparans total ak bon jan jesyon lajan piblik yo. FNE anonse gen lòt distribisyon k ap fèt nan jou k ap vini yo.

Sou anviwon 7 000 demann ki te depoze, gen plizyè ki pa t ranpli tout kritè ki te egzije yo. Pou korije sitiyasyon sa a, administrasyon FNE fè konnen l ap chèche kontakte, nan limit posiblite yo, paran ki konsène yo pou egzaminen dosye yo.
Pou paran ki te deja peye frè lekòl pitit yo pou ane sa a, FNE presize yo ka jwenn yon antant ak direksyon lekòl yo pou fè rapòte montan sa yo sou pwochen ane akademik la.
Fon Nasyonal Edikasyon an renouvle angajman li pou jere fon sibvansyon yo ak disiplin, rigè ak efikasite, nan enterè dirèk paran yo ak timoun yo, epi pou soutni edikasyon an Ayiti.
Jefferson Bonissant Centre à la une