Lanmò etidyan Neïssa Tima. Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm pwoteste, tandiske Ofis Pwoteksyon Sitwayen kore fanmi an pou li jwenn jistis.

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MCFDF) pwoteste ak tout fòs li kont zak ki fèt sou etidyan Neïssa Tima ki pwodui lendi 26 janvye 2026 la, epi li pa mete dlo nan bouch li pou li kondane zak sa a. Bò kote pa l, Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) fè konnen li kore manman Neïssa Tima epi li egzije yon ankèt san mank pou fanmi an jwenn jistis aprè yo te fin dekouvri kadav jèn etidyan 19 lane a nan yon kondisyon ki pa klè.

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MCFDF) presize Neïssa Tima se yon jèn etidyan nan Inivèsite Quisqueya ki viktim yon vyolans dènye limit ki vin montre ankò nan ki nivo vyolans ak ensekirite fanm ak ti fi yo ap sibi yo grav.

Ministè a souliye zak sa a se pa yon ka ki rive pa aza, men li antre nan yon kontèks kote yo konsidere fè vyolans touye fanm se pa anyen sa, avèk enpinite a k ap ankouraje mòd vyolans sa yo, devan mekanis pwoteksyon yo ki fèb, epi lajistis ki pa fè travay li ase.

Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) prezante kondoleyans li bay fanmi an epi li tou ofri yon soutyen jiridik nan kad demach pou yo jwenn jistis pou Neïssa Tima ki se etidyan nan premyè lane nan Inivèsite Quisqueya yo jwenn mouri nan yon sikonstans trajik.

OPC presize dram nan te kòmanse lendi 26 janvye lè Neïssa Tima pa te rantre nan lè li te konn abitye rantre lakay li. Aprè sa yon apèl anonim ta pral mande paran yo pou yo ale lopital. Se konsa yo ta prale nan lopital Plurimedic nan Petyon-Vil kote yo ta pral jwenn pitit fi yo a mouri nan yon machin devan lopital la.

Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm presize Komisè Gouvènman ki konpetan an deja pran dosye sa a ofisyèlman, yo mande fè otopsi kadav la epi gen lòd entèdiksyon depa ki bay pou pèmèt moun ki otè yo rete disponib pou lajistis epi pou ankèt la rive mennen san fòs kote.

MCFDF egzije pou yo trete ka sa a avèk rapidite, serye ak transparans pou yo idantifye, pousuiv epi pini responsab yo daprè lalwa, kèlkeswa grad yo ak tit yo. Li pa dakò pou lanmò jenn fanm sa a vin ogmante lis krim yo pa janm pini, pandan li raple yo pa kapab negosye dwa pou fanm ak ti fi gen lavi, sekirite ak diyite.

Ofis Pwoteksyon Sitwayen fè konnen enfòmasyon yo revele jèn etidyan an te prèske toutouni ak rad li dechire, tout kò l grafonyen epi li te genyen mak espèm sou janm li.

Paran yo deklare bay OPC se Doktè jinekològ Mackenzy Dorlus ki fè konnen li te jwenn neve li ki se Wesner Dorlus ansanm ak Neïssa Tima nan eta ki pa kòdjòm, epi li te eseye reyanime yo anvan li te mennen yo lopital. Pou Wesner Dorlus yo kwè ki te avèk Neïssa Tima, li toujou entène nan lopital Plurimedic la, san li pa kapab esplike avèk klate sa ki te pase.

Toujou daprè Ofis Pwoteksyon Sitwayen, lapolis te arete Doktè Mackenzy Dorlus epi yo te tande li nan komisarya Petyon-Vil men yo te vin lage li nan aprèmidi 27 janvye a.

Ofis la fè konnen lè li gade ka sa a ki sanble a yon krim seksyèl ki mennen lanmò, li oblije mete pye li nan dlo. Nan sans sa a, li te akonpaye manman viktim nan nan Pakè Tribinal Premyè Enstans Pòtoprens nan dat 28 janvye 2026 kote yo depoze plent avèk konstitisyon pati sivil kont Doktè Mackenzy Dorlus ak neve li Wesner Dorlus.

Ministè Fanm ak Dwa Fanm reyafime detèminasyon li pou kontinye mennen konba kont tout fòm vyolans sou fanm ak ti fi, li mande tout enstitisyon konsène yo pou yo kapab pran bon jan mezi pou pare vyolans ki baze sou jan, pou yo pwoteje fanm yo epi pèmèt yo jwenn jistis.

Pandan Ofis Pwoteksyon Sitwayen prezante senpati sensè li bay fanmi an ki nan lapenn ak kanmarad Neïssa Tima yo nan Inivèsite Quisqueya, li fè konnen li kanpe jiskobou bò kote paran yo k ap mande jistis nan dosye sa a. OPC deklare dosye sa a ki te kreye anpil emosyon ak endiyasyon nan sosyete a mete lajistis peyi d Ayiti devan obligasyon li genyen pou li bay rezilta san pèdi tan.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841