Jounalis Matiado Vilmé mouri dimanch 1e fevriye 2026 la nan komin Petyon-Vil, aprè prèske 2 lane konba kont yon kansè kolorektal.
Kolaboratris VOA Kreyòl, li genyen 35 lane epi li se manman 2 pitit. Matiado te rekonèt pou angajman li ak pwofesyonalis li. An 2024 li diagnostike, li te suiv de gwo tretman pami yo sèten nan peyi etranje gras a yon mobilizasyon solidè.
*Disparisyon Matiado mete andèy près ayisyèn nan*
Matiado Vilmé distenge l tou an desanm 2024 lè li te pote sekou a plizyè jounalis ki te blese pandan atak kont Lopital Inivèsitè Leta Ayiti a.
Laprès ayisyèn andèy aprè lanmò jounalis Matiado Vilmé. Li mouri a 35 lane. Près ayisyèn nan plonje nan yon pwofon tristès. Aprè li goumen anpil kont maladi a, malgre eprèv yo, li t ap pousuiv tretman li avèk detèminasyon ak lespwa. Lanmò li vini nan mwens yon semèn aprè li retounen sòti Meksik, kote li te ale nan kad prizanchaj medikal li.
*Jounalis Matiado Vilmé mouri a 35 lane*
Jounalis angaje ak respekte, Matiado Vilmé te distenge l pa pwofesyonalis li, rigè li ak sans pwenti nan etik li. Plim li, ki gide pa rechèch laverite ak respè fè yo, te fè li genyen estim nan je konfrè li yo ak konfyans piblik la. Disparisyon li ap kite yon vid enpòtan nan mitan medya ayisyen yo ki deja ap fè fas a anpil defi.
Nan peryòd dèy sa a, Centre à la UNE bese byen ba devan memwa yon pwofesyonèl devwe, ki kite nou twò bonè. Nou voye panse bay fanmi li, pwòch li yo ak tout moun ki te touche pa angajman li ak imanite li.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE