Concacaf anonse, dimanch 8 fevriye 2026 la, se peyi Kosta Rika k ap resevwa faz final chanpyona U17 Fi a, ki pral dewoule sòti 16 pou rive 22 mas k ap vini la a, daprè sa nou li sou paj Facebook ofisyèl Federasyon Foutbòl Ayiti a. Entans k ap dirije foutbòl nan zòn nan fè konnen tou tiraj osò a ap fèt 18 fevriye.

Douz (12) seleksyon ap divize an twa (3) gwoup de kat (4), epi yo pral batay pou kat (4) tikè ki rezève pou zòn Concacaf la nan Mondyal U17 Fi a, ki pral òganize nan peyi Mawòk an 2026.

Jèn Grenadyèz U17 yo pa ka tann pou konpetisyon sa a kòmanse!

#GrenadyezAlaso

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841