Premyè manch final chanpyona nasyonal D1 Lig Ayisyèn Foutbòl la dewoule dimanch 8 fevriye 2025 la nan pak Antoine Levelt nan Senmak. Baltimore Sportif Club fè match nil sou yon eskò nil ak vyèj (0-0) ak Violette Athlétic Club. Yon final ki mete fas a fas ekip ki pran mwens gòl la kont ekip ki bay plis gòl la.
Ekip 4X4 la pral genyen pou deplase wikenn sa nan pak Sainte-Thérèse nan Petyonvil pou afwonte Vye Tig la pou yon batay desizif. Tout bagay pral jwe nan match retou a ki anonse koulè !
Violette AC vs Baltimore SC : ki ekip ki pral ranpòte seri ouvèti chanpyona nasyonal premyè divizyon Lig Ayisyèn Foutbòl la ?
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE