Jodi a ankò, nan non sekirite yon lòt peyi, yo vin trase liy politik lakay nou. Yo chwazi, yo valide, yo benyen desizyon an nan diskou diplomatik, epi yo mande nou rele sa estabilite. Men kesyon an rete menm jan : estabilite pou kiyès? Pou pèp ayisyen an, oswa pou enterè jeopolitik lòt bò dlo?
Nou pa nan premye epizòd la. Listwa nou chaje ak moman kote volonte nasyonal la te pase dèyè ajanda entènasyonal. Okipasyon, misyon, tranzisyon, gouvènman pwovizwa, konsèy prezidansyèl, premye minis konsansyèl. Chak fwa yo pwomèt lòd. Chak fwa yo pwomèt sekirite. Chak fwa yo pwomèt rekonstriksyon. Men chak fwa tou, pèp la kontinye ap konte kadav, konte mizè, konte dezespwa.
Sa ki pi grav la? Nou kòmanse banalize sa. Nou fè l sanble nòmal pou yon anbasad gen plis pwa pase vòt sitwayen. Nou fè l sanble lojik pou kesyon sekirite yon lòt peyi vin pi enpòtan pase diyite yon pèp 11 milyon moun.
Men ann di sa klè : okenn peyi pa fè politik pou fè nou plezi. Chak eta ap defann enterè pa li. Sa nòmal nan relasyon entènasyonal.
Pwoblèm nan se lè nou menm nou pa gen kapasite pou defann enterè pa nou. Lè vid enstitisyonèl la tèlman laj, nenpòt fòs ekstèn ka antre ladann fasil. Se pa kesyon emosyon sèlman. Se kesyon lejitimite. Lè yon lidè parèt plis kòm chwa kominote entènasyonal la pase chwa nasyon an, li antre ak yon defisi kredibilite. E san kredibilite, pa gen refòm ki kenbe. San konfyans, pa gen otorite moral. San otorite moral, pa gen estabilite dirab.
Pèp ayisyen an bouke ak tranzisyon san transfòmasyon. Bouke ak pwomès san plan. Bouke ak diskou sekirite ki pa janm rive nan katye yo. Bouke ak desizyon ki pran anlè tèt li.
Men kesyon fondamantal la pa dwe sèlman : Poukisa yo ap deside pou nou?
Vrè kesyon an se : Poukisa nou poko rive mete tèt ansanm pou fòse yo respekte nou?
Souverènte pa sèlman yon mo nan konstitisyon. Se kapasite pou pwodui vizyon, lidèchip, ak enstitisyon solid. Se kapasite pou di “non” lè enterè nasyonal la menase. Se kapasite pou òganize tèt nou, pou mete yon kontra sosyal klè ant dirijan ak dirije.
Jodi a, sa nou bezwen se pa yon lòt non nan Palè Nasyonal. Nou bezwen yon pwojè peyi. Yon pwojè kote sekirite pa yon eslogan, men yon politik piblik estriktire. Yon pwojè kote diaspora a pa sèlman voye lajan, men patisipe nan vizyon. Yon pwojè kote jèn yo pa wè migrasyon kòm sèl avni.
Si nou kontinye ak lojik : desizyon ekstèn = gouvènman fèb = echèk = kriz= nouvo tranzisyon, n ap vire nan yon sèk visye ki ap vale nou.
Centre à la Une poze kesyon an san pè :
Èske n ap kontinye akseptasyon pasif, oswa n ap deside finalman reprann direksyon listwa nou?
Pèp ayisyen an pa mande mirak. Li mande respè. Li mande transparans. Li mande sekirite reyèl. Li mande pou yo sispann itilize non li pou jistifye ajanda ki pa l.
Souverènte pa negosyab.
Lejitimite pa enpòte.
Avni pa ka toujou ap ekri deyò fwontyè nou.
Lè n ap pale de sekirite, ann kòmanse ak sekirite diyite nasyonal nou. Paske san sa, okenn lòt sekirite pap janm dirab.
Jean Launy AVRIL, editoryalis-Centre à la Une.