Federasyon Foutbòl Ayiti a fyè pou anonse nominasyon Pia Sundhage kòm nouvo antrenè Seleksyon Nasyonal Senyò Medam yo.
Avèk yon karyè ki bati sou baz solid, ak yon eksperyans entènasyonal ki rich anpil, Pia Sundhage vini ak yon vizyon klè, yon lidèchip fò epi yon gwo volonte pou mennen Grenadyèz yo nan yon nouvo etap nan devlopman yo.
Yon nouvo chapit pare pou l ekri nan listwa foutbòl fanm Ayiti a. Yon lòt vizyon. Yon lòt enèji. Yon nouvo vwa sou ban teknik la.
Federasyon Foutbòl Ayiti a kontan anonse yon potorik antrènè tankou Madam Pia Sundhage nan tèt Seleksyon Senyò Medam yo nan lide pou ogmante nivo teknik, ranfòse kalite pèfòmans yo, epi bati fondasyon solid ak dirab pou jenerasyon k ap vini yo. Pia Sundhage ki selebre 66zyèm rekòt kafe l 13 fevriye pase a, pote pou Ayiti yon eksperyans rich nan pi wo nivo foutbòl la ki bati gras ak yon karyè ki plen kou ze.
Pami gwo kichòy li reyalize nan karyèl yo, Pia Sundhage fini :
• 2 fwa Chanpyon Olenmpik ak Etazini (2008, 2012)
• Finalis Mondyal Fanm (2011)
• Meday Ajan Olenmpik ak Lasyèd (2016)
• Chanpyon Copa América ak Brezil (2022)
• Nomine nan Balon Dò meyè antrenè 2010 – 2011
• Ranpòte Balon Dò meyè antrenè antre an 2012
• 146 seleksyon entènasyonal kòm jwèz
FHF swete Madam Pia Sundhage byenveni Lakay li epi lage tout konfyans li nan kapasite l pou mennen bak seleksyon senyò medam yo, jan sa dwe.
Centre à la UNE