Jij ayisyen Jean Roger Noelcius deklare devan yon tribinal federal nan Miami, manda arestasyon li te siyen kont ansyen prezidan Jovenel Moïse pa t respekte kad legal la. Daprè sa li esplike, li pa t gen okenn otorite pou lanse yon pwosedi konsa kont yon prezidan ki te toujou an fonksyon. Li ajoute tou dokiman an pa t swiv pwosedi nòmal lajistis epi li te aji anba enfliyans kèk moun ki te prezante zak la kòm yon jès “senbolik” pou ede sove peyi a.
Noelcius fè konnen li te manipile e sèvi kòm zouti nan yon konplo ki ta enplike plizyè aktè politik ak prive. Sepandan, li rejte nenpòt akizasyon ki ta lye li dirèkteman ak asasina prezidan an nan mwa jiyè 2021. Daprè li, manda a pa t gen fòs legal pou arete prezidan an, ni li pa t ka egzekite pa sitwayen etranje.
Temwayaj sa a vini pandan lajistis ap prepare pou jijman plizyè moun ki akize nan dosye asasina a. Afè a kontinye alimante diskisyon sou feblès nan sistèm jidisyè a, sou responsablite politik yo, ak sou wòl posib lòt konplis nan kriz ki te eklate apre lanmò prezidan an.