Konpayi miltinasyonal Google ofisyèlman anonse yon envestisman estratejik 500 milyon dola ameriken nan Repiblik Dominikèn. Akò a siyen nan Palè Nasyonal Santo Domingo, 19 fevriye 2026, ansanm ak prezidan Luis Abinader. Li prevwa konstriksyon yon sant entènasyonal echanj dijital ki gen 7 000 mèt kare, ki pral vin 8yèm pò dijital Google atravè lemond.
Pwojè a gen ladan enstalasyon kat (4) kab soumaren fib optik, ladan yo de (2) ap enstale depi nan premye faz la. Kab sa yo pral konekte dirèkteman zile a ak sant Google Cloud ki nan Carolina di Sid ak Vijini, Ozetazini.
Objektif la se ogmante kapasite transmisyon done yo dis fwa plis, diminye tan reta (latans), epi mete peyi a kòm yon gwo sant dijital nan Karayib la, ak gwo benefis ki prevwa pou ekonomi an ak pou kreyasyon djòb kalifye.