Samdi 28 fevriye 2026 la, Fon Nasyonal pou Edikasyon (FNE) distribye yon twazyèm pakè 318 chèk pou paran ki kalifye yo, nan kad pwogram sibvansyon ki dedye pou rantre lekòl ane akademik 2025-2026 la.
Nouvo faz dekèsman sa a antre nan kontinite angajman enstitisyonèl FNE pran pou ankouraje aksè egal ak ekitab ak edikasyon selon sa responsab yo fè konnen.
Yo profite anonse operasyon distribisyon yo ap kontinye nan jou k ap vini yo pou asire yon pi bon sèvis ak swivi pou tout benefisyè yo.
Yo ajoute pou di chèk yo fèt sèlman nan non lekòl ki konsène yo, pou respekte prensip transparans, trasabilite finansye ak bon jan gouvènans administratif ki dwe gide jesyon lajan piblik yo.
Yo fini pou di avèk inisyativ sa a, FNE reyafime volonte li pou garanti yon jesyon sevè, efikas ak responsab resous ki atribiye pou sibvansyon lekòl yo, nan enterè siperyè fanmi ayisyen yo ak dwa fondamantal timoun yo genyen pou yo jwenn edikasyon.