8 mas : Jounen Entènasyonal Dwa Fanm. Klèb akademik ak sosyo-kiltirèl KLASIK Kanj antann selebre efò fanm yo ak tifi yo ap deplwaye nan mond lan pou fòme yon fiti ak yon relans pi egalitè aprè tout kriz k ap boulvèse sosyete yo. Nan sans sa a, nan kad selebrasyon Jounen entènasyonal dwa fanm, KLASIK Kanj envite piblik la pou patisipe nan yon konferans an liy sou tèm : << Dwa Fanm an Ayiti : Enpak ak Responsablite >>.
Konferans sa a k ap fèt dimanch 8 mas 2026 la, sòti 7è00PM pou rive 8è30PM sou Platfòm Google Meet (lyen aksè : https://meet.google.com/jeb-whyq-hyz), vle yon espas refleksyon ak echanj konstriktif otou anje ki lye a dwa fanm an Ayiti ak responsablite kolektif. Aktivite sa a pral anime pa Cahreen Cantave, militan feminis ak edikatris popilè ki fòme nan jesyon nan Inivèsite Leta Ayiti (INAGHEI) ; li se tou fondatris Fanm Djougan epi li se yon moun k ap fè pwomosyon yon feminis ki baze sou lanmou ak rekonsilyasyon.
Klèb KLASIK Kanj pa mwayen KLASIK MEMO ki angaje l pou fè pwomosyon refleksyon ak angajman sitwayen pran jounen 8 mas la kòm pretèks pou mete pwojektè ak valorize fanm yo toupatou sou latè ki pa sispann batay pou yon sosyete jis ak ekilibre. 8 mas se yon jounen refleksyon otou diferan konba ki mennen atravè lane yo ak viktwa ki sòti ladann. Se yon jounen angajman ak reyafimasyon divès batay ki mennen pou demen.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE