Nouvo minis Levasyon Nasyonal la, Vijonet DEMERO, siyen yon nòt enfòmasyon vandredi 6 mas 2026 la ki anonse Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ansanm ak Inivèsite Leta Ayiti (UEH) antann yo pou siyen yon nouvo pwotokòl antant pou ranplase premye pwotokòl ki te siyen 16 fevriye 2013 la konsènan estaj pou etidyan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) yo. An menm tan tou, Minis Edikasyon an konte reyalize yon chita pale ak Rektè Inivèsite Piblik Depatmantal yo nan yon dat ki pa twò long.

Nouvo minis Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) la, Vijonet Deméro, deside valide ankò pwotokòl ki te siyen 16 fevriye 2013 la. Dokiman sa a te pèmèt etidyan ki sòti nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) entegre sistèm lekòl piblik la kòm pwofesè aprè fòmasyon yo.

Pwotokòl la te anile pandan manda ansyen minis Antoine Augustin, yon desizyon ki te lakòz anpil kritik nan mitan etidyan ENS yo. Nan epòk la, ansyen minis Nesmy Manigat te mande pou revize mezi sa a.

Avèk desizyon Vijonet Deméro pran 6 mas 2026 la, anpil obsèvatè nan sektè edikasyon an wè yon retou sou yon politik ki vize fasilite entegrasyon pwofesè ki fòme nan Lekòl Nòmal Siperyè nan sistèm lekòl piblik la.

Nan entèval sa a, Lekòl Nòmal Siperyè te nan grèv. Kominote estidyantin ENS te lanse yon grèv yon semèn, sòti 2 pou rive 6 mas 2026, nan objektif pou te fè presyon sou ansyen minis Edikasyon an, Antoine Augustin, Vijonet Deméro ranplase.

Yon bò, etidyan yo ki te estime desizyon minis Antoine Augustin te pran an kontrè a misyon Lekòl Nòmal Siperyè, te egzije retrè total desizyon sila. Yo te presize mouvman yo a vize pou defann prensip enstitisyon an men se pa pou pètibe sistèm edikatif la.

Yon lòt bò, etidyan Lekòl Nòmal Siperyè yo te menase pandan yo te fè konnen si pa genyen repons ki satisfè revandikasyon yo mobilizasyon an te kapab entansifye.

Nan nòt enfòmasyon MENFP pibliye a, minis Vijonet Deméro anonse yon rankont travay prevwa pou òganize nan yon ti bout tan ant Inivèsite Leta Ayiti, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ak Inivèsite Piblik Depatmantal (UPD) yo, nan lide pou detèmine pi bon kondisyon pou reyalizasyon estaj yo.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841