Premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, reyini manm gouvènman li an nan yon retrèt gouvènmantal samdi 7 mas 2026, ki fèt sitou pou enfòme nouvo minis yo sou priyorite estratejik Administrasyon piblik la epi ranfòse kowòdinasyon nan aksyon gouvènman an.

Reyinyon travay sa a antre nan volonte pouvwa egzekitif la pou amelyore efikasite politik piblik yo epi ranfòse kowòdinasyon ant manm ekip gouvènman an. Diskisyon yo te konsantre sou gwo oryantasyon aksyon piblik la, ak yon atansyon espesyal sou kreye kondisyon sekiritè, enstitisyonèl ak sosyal ki nesesè pou òganize eleksyon jeneral lib, transparan ak enklizif pandan ane 2026 la.

Pandan rankont lan, yo te prezante minis yo plizyè fèy wout sektoryèl. Dokiman sa yo, ansanm ak mekanis kontwòl ak endikatè pèfòmans, gen pou objektif asire yon aplikasyon pi serye ak pi efikas politik piblik yo nan diferan sektè administrasyon an.

Echanj yo te mete tou yon gwo anfaz sou sitiyasyon makwoekonomik peyi a ak sou jesyon finans piblik yo. Nouvo òdonatè yo te resevwa eksplikasyon sou prensip ki gouvène elaborasyon ak ekzekisyon bidjè Leta a, espesyalman diferans ki genyen ant bidjè fonksyònman ak bidjè envestisman, ansanm ak pwosedi dekèsman ki regle pa lwa finans piblik.

Otorite yo te raple tou wòl kontwolè finansye a ak kontab piblik la, ki konsidere kòm garanti regilarite ak transparans nan depans piblik yo.

Sou plan makwoekonomik, gouvènman an mete aksan sou efò ki ap fèt pou ranfòse mobilizasyon resous entèn yo epi konsolide ekilib finans piblik yo nan kad lwa finans 2025-2026. Nan sans sa a, gouvènman an salye pèfòmans Direksyon Jeneral Enpo (DGI) ak Administrasyon Jeneral Ladwàn yo, ki rive mobilize 104.9 milya goud revni pou Leta.

Pwogrè te note tou nan kontwòl enflasyon an. Dapre done Ministè Ekonomi ak Finans prezante, to enflasyon an sou yon ane pase de 31 % nan kòmansman egzèsis bidjè a pou rive 25 % nan fen premye trimès la.

Pou fini, chèf gouvènman an te raple minis yo responsablite kolektif yo nan pwomosyon yon jesyon finans piblik ki sèrye, transparan epi oryante sou rezilta. Li ankouraje yo tou devlope yon kilti redisyon kont, lè yo soumèt regilyèman plan aksyon trimès yo, ki pral evalye detanzantan pandan Konsèy Gouvènman yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841