Atravè Gesny Pierre-louis, Ayiti ranpòte, samdi 7 mas 2026 la nan peyi Chili, meday kalifikasyon pou pwochen « konpetisyon entènasyonal Patinaj » ki gen pou òganize ann Espay, soti 30 avril pou rive 2 mai 2026 la.

Gesny ki fini nan premye pozisyon an fè konnen li pran meday la malgre li gen yon pye ki te dejwente pandan dènye konpetisyon mondyal la nan peyi Sengapou ki te òganize ant 1e e 4 desanm 2025.

Atlèt Ayisyen an fè konnen li te fè tout mwayen posib pou t ale reprezante Ayiti nan konpetisyon Patinaj nasyonal sa ki te òganize nan peyi Chili, e pwomèt pou kontinye flote drapo Ayisyen an nan 4 kwen mond lan.

Anbasadè Ayisyen an nan domèn Patitinaj la egzote pèp Ayisyen an pou li sonje se sèlman nan Linyon n ap jwen fòs la.

Finalman, li remèsye tout moun ki kwè nan kapasite akndevouman li, e ki toujou la pou kolabore ak travay sa yo l ap reyalize nan mond patinaj la nan non Ayiti.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...