Premye minis Alix Didier Fils-Aimé akonpanye minis Afè etranjè a Raina Forbin, anbasadè Hervé Saint-Louis, ak konseye Wilner Joseph, vwayaje nan peyi Chili. Pandan vwayaj sa a, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé pwofite okazyon an pou echanje avèk vis-prezidan Félix Ulloa.
Daprè Primati, diskisyon yo te pòte sou pataj eksperyans salvadoryèn an matyè lit kont ensekirite ak jesyon sistèm penitansyè.
Anplis, de (2) pati yo te echanje tou sou mizannèv yon estrateji global estabilizasyon an Ayiti, ki tounen otou kat (4) aks esansyèl : sekirite, jistis, reyensèsyon ak pwogram dezameman, demobilizasyon ak reyentegrasyon (DDR), nan objektif pou konsolide pwogrè yo nan batay kont gwoup ame yo.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE