Nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, òganizasyon L’Éveil Patriotique d’Action Sociale et Intellectuelle (EPASI) lanse premye aktivite sosyal li yo nan kan deplase ki enstale nan Lekòl Minisipal Pierre Labitrie, nan Delmas 31, nan zòn metwopolitèn Pòtoprens.

Dimanch 8 mas 2026, òganizasyon an te deplwaye yon klinik mobil pou bay konsiltasyon medikal ak swen sante espesyalman pou fanm ki ap viv nan kan sa a. Daprè done ki disponib yo, plis pase 900 fanm deplase ap viv nan espas sa a nan kondisyon ki difisil, sitou akoz kriz sekirite ki kontinye frape kapital la.

Kowòdonatè nasyonal EPASI a, Wilson-Sydney Joseph, fè konnen aksyon sa a make premye etap angajman òganizasyon an nan domèn sosyal. Li souliye enpòtans lidèchip fanm yo nan devlòpman kominote yo, pandan li ensiste sou nesesite pou pote plis sipò bay popilasyon ki pi frajil yo.

Sekretè jeneral òganizasyon an, Nadgèle Belchair, ansanm ak sekretè jeneral adjwen an Guiveline Paulin, fè konnen EPASI gen entansyon ogmante prezans li nan kan deplase yo ak nan katye defavorize yo, kote bezwen sosyal ak sante yo rete trè enpòtan.

Plizyè patnè te sipòte reyalizasyon klinik mobil sila, pami yo laboratwa famasetik Imedis, Sanophar, Plurimed, Fhadimac ak Dayou Dépôt, ansanm ak òganizasyon Hunger Relief International ak House of Hope 4 Children,pèsonèl sante yo, direksyon swen enfimyè yo (DSI/MSPP).

Ansyen sekretè deta pou Kominikasyon, Bendgy Tillias, ki te prezan nan aktivite a, salye inisyativ la epi ankouraje òganizasyon an kontinye devlope menm kalite entèvansyon sa yo nan lòt rejyon peyi a, sitou nan depatman Nò, kote li sòti.

Nan yon kontèks kote kriz sekirite, imanitè ak deplasman fòse kontinye ogmante vilnerabilite anpil fanmi an Ayiti, inisyativ sa a vin pote yon sipò dirèk, fondamantal pou fanm ki plis ekspoze ak difikilte sosyal ak sanitè yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841