Minis Defans lan, Mario Andrésol, te fè yon vizit ofisyèl madi 10 mas 2026, nan Gran katye jeneral fòs ame d Ayiti (FAD’H), nan kad efò gouvènman an ap mennen pou evalye kapasite operasyonèl enstitisyon militè a epi amelyore kondisyon travay militè yo.

Pandan vizit la, minis la te rankontre ak Wo Eta-Majò FAD’H la, ki anba direksyon lyetnan jeneral Derby Guerrier. Nan diskisyon yo, yo te abòde plizyè defi fòs ame yo ap fè fas kounye a, sitou kestyon ki gen rapò ak ekipman, fòmasyon ak lojistik ki nesesè pou pèmèt enstitisyon an fonksyone pi byen.

Minis Andrésol te mete aksan sou enpòtans pou ranfòse kolaborasyon ant Ministè Defans lan ak Fòs Ame d Ayiti, pou kapab bay yon repons ki pi efikas devan pwoblèm sekirite ak defans nasyonal peyi a ap konfwonte.

Li te pwofite okazyon an tou pou salye pwofesyonalis ak angajman militè yo, pandan li te souliye wòl enpòtan yo nan efò k ap fèt pou konbat ensekirite nan peyi a.

Minis la pran angajman pou kontinye travay pou amelyore kondisyon travay sòlda yo epi ranfòse kapasite operasyonèl enstitisyon an, yon fason pou yo ka akonpli misyon yo pi byen.
Mario Andrésol te raple tou Fòs Ame d Ayiti dwe kontinye rete yon senbòl inite ak rezistans nasyonal, pandan li reyafime volonte li pou soutni modènizasyon ak devlopman enstitisyon militè.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841