Gouvènman ayisyen an lanse yon seri konsiltasyon ak sektè prive a sou nouvo Kòd Fiskal Ayiti a mèkredi 10 mas 2026, yon refòm ki vize modènize sistèm taks peyi a epi kreye pi bon kondisyon pou devlopman ekonomik selon yon kominike primati. Rankont sa a te fèt nan Primati a, sou direksyon Minis Ekonomi ak Finans lan, Serge Gabriel Collin, ansanm ak Direktè Jeneral Direksyon Jeneral Enpo yo (DGI), Chesnel François.

Daprè otorite yo, demach sa a antre nan vizyon gouvènman Premye minis Alix Didier Fils-Aimé pou ogmante dyalòg ak aktè ekonomik yo, pandan peyi a ap chèche relanse aktivite ekonomik li yo.

Pandan rankont la, manm Komite Politik Fiskal (CPF) la te prezante prensipal dispozisyon ki nan nouvo Kòd Fiskal la. Refòm sa a, selon responsab yo, fèt pou modènize administrasyon fiskal la, amelyore jesyon finans piblik yo, epi ankouraje envestisman prive nan peyi a.
Nan entèvansyon li, Minis Ekonomi ak Finans lan, Serge Gabriel Collin, mete aksan sou nesesite pou Leta ak sektè prive a travay ansanm pou dinamize ekonomi nasyonal la. Li fè konnen kolaborasyon sa a enpòtan pou ankouraje kreyasyon travay, soutni antreprenarya epi ogmante pwodiksyon richès nan peyi a.

Pou pati pa li, Direktè Jeneral DGI a, Chesnel François, prezante gwo oryantasyon ki nan Kòd Jeneral Enpo a. Li te fè konnen enstitisyon an ap kontinye modènize sèvis li yo pou bay kontribyab yo ak antrepriz yo pi bon sèvis fiskal.

Gouvènman an fè konnen rankont sa a se premye nan yon seri konsiltasyon li pral kontinye fè ak sektè prive a. Objektif la se ranfòse dyalòg ak patenarya ant Leta ak aktè ekonomik yo nan kad refòm fiskal la.
Otorite yo anonse tou lansman yon kanpay nasyonal sansibilizasyon pou enfòme popilasyon an ak sektè ekonomik yo sou nouvo dispozisyon ki nan Kòd Fiskal la.

Selon plan gouvènman an, nouvo kòd la ta dwe antre an aplikasyon apati 1er oktòb 2026.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841