Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) arete ansyen depite Arnel Bélizaire samdi 14 mas 2026 la nan Otèl Oasis, nan Petyonvil, dapre enfòmasyon ki sòti nan plizyè sous.

Ansyen palmantè a te twouve li nan restoran otèl la lè ajan DCPJ yo antre pou egzekite yon manda mennen vini ki te deja soti kont li. Entèvansyon an fèt nan yon kontèks kote lapolis te deja lanse yon avi rechèch kont Bélizaire.

Dapre enfòmasyon ki disponib yo, Arnel Bélizaire ap fè fas ak plizyè gwo akizasyon, tankou finansman teworis, konplo kont sekirite entèn Leta, ak asosyasyon ak malfektè.

Arestasyon li a rive kèk jou sèlman apre li te parèt devan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) la, jedi pase a, pou enskri pati politik li a nan lide pou patisipe nan pwochen eleksyon yo.

Dosye sa a pa limite sèlman ak ansyen depite a. Lapolis ap chèche tou ansyen majistra Pòtoprens lan, Youri Chévry, ansanm ak Smith Joseph, ki prezante kòm ansyen pwòch kolaboratè ansyen manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Fritz Alphonse Jean. Dapre enfòmasyon ki disponib yo, de mesye sa yo anba rechèch pou menm kalite akizasyon yo.

Yon lòt non ki parèt nan lis moun lapolis ap chèche se Julcène Edouard, ansyen direktè Jeneral Ladwann. Otorite yo akize li nan kad yon lòt dosye ki gen rapò ak trafik ilegal zam ak minisyon, blanchiman byen, finansman teworis, fwod fiskal, ak asosyasyon ak malfektè.

Arestasyon Arnel Bélizaire a vin mete plis tansyon sou dosye sekirite a nan peyi a, pandan otorite jidisyè ak lapolis sanble ap ogmante presyon sou plizyè ansyen responsab leta ak lòt pèsonalite piblik yo sispèk ki gen lyen ak aktivite kriminèl.

Pou kounye a, ni DCPJ ni lòt otorite konsène yo poko bay plis detay ofisyèl sou swit jidisyè dosye a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841