Lapolis arete Arnel Bélizaire nan Petyonvil sou baz manda lajistis te mete dèyè l pou finansman gang teworis, konplo kont sekirite Leta, asosyasyon malfektè. Pou kounya, li nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), l ap tann yo transfere l Pakè Pòtoprens. Polis Nasyonal Ayiti (PNH) angaje l nan lit kont ensekirite sou tout fòm.

Sou manda, Direksyon Santral Polis Jidisyè arete ansyen depite ayisyen an samdi 14 mas pase a nan komin Petyonvil, nan depatman Lwès.

Ansyen eli a dèyè bawo pou plizyè enfraksyon grav, tankou finansman teworis, atanta ak konplo kont sekirite enteryè Leta epi asosyasyon malfetè, pou nou site sa yo sèlman.

Aprè arestasyon li, Polis Nasyonal Ayiti nan yon piblikasyon ki fèt sou paj ofisyèl Facebook li, kominike sou sò ansyen depite Dèlma/Taba.

Nan dokiman an, Polis Nasyonal Ayiti enfòme Arnel Bélizaire fèmen nan Direksyon Santral Polis Jidisyè pandan l ap tann li prezante devan pakè Pòtoprens pou yon jij tande li sou akizasyon ki kenbe kont li yo.

Jiskaprezan, ansyen reprezantan sikonskripsyon Dèlma/Taba pase deja plizyè nuit nan gadavi nan Direksyon Santral Polis Jidisyè aprè arestasyon li.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841