DINEPA òganize yon rankont wo nivo samdi 20 mas 2026, ki mete fasafas aktè prensipal sektè dlo potab ak asenisman (EPA) ansanm ak patnè teknik ak finansye yo, sou plan nasyonal ak entènasyonal nan vil Kap Ayisyen.
Rankont sa a fèt nan yon moman kote kesyon aksè ak dlo potab kontinye rete yon gwo defi pou anpil sitwayen an Ayiti. Objektif prensipal la se te evalye enpak kontribisyon patnè yo epi reflechi sou nouvo oryantasyon estratejik pou devlopman sektè a nan ane k ap vini yo soti 2026 rive 2032.
Avèk Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, enjenyè Joseph Almathe Pierre-Louis, reprezantan Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn, Ministè Ekonomi ak Finans, Banque Interaméricaine de Développement, Banque mondiale, CDC, UNICEF, UNESCO, elatriye, Direktè Jeneral DINEPA a, enjenyè Théophil Ostinvil, dirije rankont wo nivo ant sektè dlo potab la ak patnè finansye nasyonal ak entènasyonal li yo.

Pandan diskisyon yo, Direktè Jeneral DINEPA a, Théophil Ostinvil, mete aksan sou twa gwo priyorite ki dwe gide aksyon yo: amelyorasyon gouvènans nan sektè a, ogmantasyon sèvis dlo potab ak asenisman pou popilasyon an, ansanm ak rechèch pou plis otonomi finansye.
Plizyè entèvenan souliye enpòtans patnè teknik ak finansye yo ki deja ap sipòte pwojè enfrastrikti, fòmasyon ak ranfòsman kapasite nan sektè a. Men yo rekonèt tou gen bezwen pou pi bon kowòdinasyon ant tout aktè yo pou asire resous yo itilize pi byen epi gen plis enpak sou lavi popilasyon an.

Dapre enfòmasyon ki soti nan rankont la, nouvo apwòch sa yo kapab pèmèt sektè dlo potab la pran yon lòt souf, sitou atravè pi bon planifikasyon ak mobilizasyon resous.
Rankont sa a louvri pòt pou yon kolaborasyon pi sere ant enstitisyon yo ak patnè yo, ak espwa pou amelyore aksè ak dlo potab nan tout peyi a.
Nan yon kontèks kote kesyon dlo rete yon ijans nasyonal, demach sa a parèt kòm yon pa enpòtan pou rive bay plis moun sèvis dlo ki estab, dirab ak aksesib.