Fòs Ame Ayiti (FAd’H) pran yon desizyon enpòtan pou mete fen nan misyon pwoteksyon yo te bay kèk pèsonalite sivil ak politik.

Dapre yon enstriksyon Ministè Defans lan te bay depi 19 mas 2026, tout militè ki te afekte nan kalite misyon sa yo gen yon delè 72 èdtan pou yo kite pòs yo epi retounen nan inite yo.

Nan yon memorandòm ki voye bay plizyè enstitisyon Leta, wo Kòmandman lame a fè konnen gen kèk militè ki te deplwaye bò kote ansyen responsab ak gwo fonksyonè, men sa pa t respekte règleman ki tabli yo. Sitiyasyon sa a pouse otorite yo pran mezi pou korije move afektasyon sa yo.

Desizyon an konsène plizyè kategori pèsonalite, tankou manm Egzekitif tranzisyon an, majistra, minis aktyèl ak ansyen minis, ansanm ak lòt moun ki t ap benefisye sèvis pwoteksyon sa yo.

Dapre dokiman an, tout militè ki te nan misyon eskòt oswa gad estatik dwe retounen nan inite yo nan yon delè 72 èdtan. Kòmandan inite yo resevwa lòd pou asire mezi a aplike san feblès, sinon yo ka sibi sanksyon disiplinè.

An menm tan, Eta Majò Jeneral la resevwa misyon pou rekipere tout ekipman ki te itilize nan sèvis sa yo, tankou zam, minisyon ak machin, pou yo ka redistribye yo nan lòt misyon ki pi ijan.

Otorite yo konseye pèsonalite ki konsène yo pran dispozisyon pa yo pou garanti sekirite yo atravè mekanis enstitisyonèl ki apwopriye.

Avèk desizyon sa a, FAd’H montre volonte yo pou konsantre plis sou misyon prensipal yo, sitou nan yon kontèks kote peyi a ap fè fas ak gwo defi sekirite.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841