Lakou Dapèl Pòtoprens lan anile òdonans renvwa ki te pran 19 jen 2023 kont ansyen senatè Youri Latortue ak Joseph Lambert, dapre yon dokiman ki date 13 mas redaksyon nou konsilte.
Yo te pouswiv de (2) ansyen palmantè yo pou detounman byen piblik, pran enterè ilegal ak bloke jistis. Sepandan, yo jwenn rezon apre yo te denonse iregilarite nan pwosedi jidisyè ki te lanse kont yo.
Nan desizyon li, Lakou a estime fason jij enstriksyon an te sezi a te fèt twò bonè e li pa t regilye, sa ki lakòz anilasyon òdonans ki te konteste a ansanm ak tout zak ki te fèt nan kad dosye a.
Jij yo fè remake tou gen gwo feblès nan prèv yo, espesyalman rapò Inite Lutte Kont Koripsyon (ULCC) yo, ki pa t siyen, sa ki fè yo pa ka sèvi kòm prèv devan lalwa.
Anplis, Lakou a raple pou kalite enfraksyon sa yo, ULCC te dwe tann yon arè de debè avan li lanse nenpòt pouswit jidisyè, dapre sa lalwa mande.
Paske pa t gen ase endis serye ni baz legal solid, Lakou a rejte rekizisyon ministè piblik la epi li rive nan konklizyon pa gen posiblite pou pouswiv zak yo. Desizyon sa a konsakre yon non-lye an favè de ansyen senatè yo.
Dosye sa a relanse deba sou jan pwosedi jidisyè yo dwe fèt ak plis rigè nan batay kont koripsyon an Ayiti, ansanm ak wòl ak limit enstitisyon ki responsab kontwòl ak repwesyon enfraction finansye yo.