Nasyonzini konfime gen kat (4) ka vyòl ki enplike manm misyon miltinasyonal pou sipò sekirite ann Ayiti, yon fòs ki te anba direksyon Kenya. Pami viktim yo, gen yon tifi ki gen sèlman 12 an.
Daprè yon rapò Biwo Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun, tout akizasyon ki te anrejistre yo te verifye epi rekonèt kòm vrè apre ankèt yo. Ka yo konsène viktim ki gen laj 12, 16, 16 ak 18 an, epi yo klase kòm “vyolasyon ki pwouve”.
Misyon sa a, ki te otorize an 2023 pa Konsèy Sekirite Nasyonzini an, pa yon misyon klasik Nasyonzini. Li konpoze sitou ak polisye ki soti Kenya, e deplwaman li te kòmanse nan mwa jen 2024.
Rapò a fè konnen mezi ki pran yo poko finalize pou pifò ka yo. Konsènan dosye tifi 12 an, yo sèlman rapòte ouvèti yon ankèt entèn jiska prezan.
Nan yon deklarasyon, pòtpawòl Nasyonzini an fè konnen dosye sa yo deja transmèt bay nouvo fòs anti-gang lan ansanm ak reprezantan espesyal li pou swivi.
Finalman, rapò a mete aksan sou nesesite pou nouvo fòs k ap deplwaye a mete anplas mekanis solid pou prevansyon, ankèt ak transparans, pou ka pi byen jere vyolasyon dwa moun yo, espesyalman abi seksyèl.