Kolektif Sendika Ayisyen yo pou respè Konstitisyon 1987 la voye jete desizyon gouvènman ayisyen an pran pou ogmante pri pwodui petwolye yo nan ponp. Nan yon deklarasyon li rann piblik, sekretè jeneral estrikti a, Mèt Masly Dorcely eksprime endiyasyon li fas ak mezi sa li jije ki pa jis pou popilasyon an.
Daprè li, gouvènman an ajoute 165 goud sou pri esans lan, ak 230 goud sou pri dyezèl la ak kewozèn nan, sa ki pwovoke fache ak kè pa kontan jeneral.
Kòm repons, Kolektif la anonse lansman yon mobilizasyon jeneral kont gouvènman an apati lendi 6 avril la, ki vize fòse Egzekitif la retounen sou desizyon sa a.
Monte pri gaz yo pa Gouvènman ayisyen an sisite deja anpil reyaksyon nan mitan divès sendika ak nan opinyon piblik la.
*Ayiti : monte pri gaz yo*
Rimè yo fè plas ak fè yo : gouvènman an ofisyalize, 31 mas 2026 la, yon monte brital pri pwodui petwolye yo. Pri gazolin nan pase a 725 goud (+155), gazòy la a 850 goud epi kewozèn nan a 845 goud, daprè yon avi Ministè ekonomi ak kòmès. Yon desizyon fò egzekitif la pran ki riske peze lou sou dòmi leve chak jou popilasyon an ki deja anba yon kriz tout kalte ak tout fòm.
Gouvènman ayisyen an anonse yon ogmantasyon pri pwodui petwolye yo sou tout tèritwa nasyonal la, daprè yon nòt Ministè Ekonomi ak Finans epi Ministè Kòmès ak Endistri. Mezi a antre an vigè jedi 2 avril 2026 la.
Nouvo pri yo fikse a :
* Esans : 725 goud
* Dyezèl : 850 goud
* Kewozèn : 845 goud.
Desizyon sa a ap otomatikman antrene monte tarif transpò a epi yon ogmantasyon pri pwodui premyè nesesite yo. Nan yon kontèks ekonomik deja difisil, mezi sa a riske agrave pi plis presyon sou pouvwa pou achte popilasyon an genyen.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE