Vil Okay resevwa yon gwo delegasyon otorite leta ak patnè entènasyonal nan kad yon vizit estratejik 7 avril 2026 la, sou rezèvwa dlo Savann lan, ki aktyèlman ap sibi travay reyabilitasyon.

Delegasyon an te dirije pa Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak plizyè manm gouvènman an, tankou minis Travay Piblik, Sante Piblik ak Afè Etranjè. Te gen tou prezans reprezantan patnè entènasyonal yo, pami yo Anbasadè Espay ak Anbasadè Inyon Ewopeyèn.
Akonpaye ak Direktè Jeneral DINEPA a, enjenyè Théophil Ostinvil, otorite yo te evalye nivo avansman travay yo sou enfrastrikti sa a ki gen gwo enpòtans pou amelyorasyon rezèv dlo potab nan rejyon an.

Travay reyabilitasyon sa yo, ki finanse ansanm pa koperasyon espayòl ak Inyon Ewopeyèn, vize ogmante kapasite sèvis dlo nan zòn nan. Rezèvwa metalik la gen yon kapasite 180,000 galon epi li monte plis pase 18 mèt anwo tè, sa k ap pèmèt li sèvi plis pase 20,000 moun anplis nan kominote a.

Inisyativ sa a montre volonte gouvènman ayisyen an pou amelyore sèvis debaz pou popilasyon an, avèk sipò patnè teknik ak finansye yo. Lè travay yo fini, rezèvwa Savann lan ap pèmèt distribisyon dlo potab la fèt nan pi bon kondisyon nan vil la, kote yon rezo deja ap fonksyone.

Centre à la UNE kontinye suiv devlopman pwojè enfrastrikti sa ki gen enpak dirèk sou lavi popilasyon an.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841