Jounen Entènasyonal Dyaspora Ayisyèn yo (JIDH 2026) ap kontinye nan vil Montréal, Kanada, nan yon klima refleksyon ak mobilizasyon. Pandan twa (3) jou, aktivite sa a reyini plizyè aktè ki soti nan diferan sektè ak diferan peyi, ak objektif pou chèche solisyon konkrè pou ede transfòme Ayiti.
Pami patnè prensipal evènman sa a, Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) make prezans li atravè yon delegasyon Onorab Direktè Jeneral enstitisyon an, Mesye Élysé COLAGENE, ap dirije. Nan entèvansyon li yo, li mete aksan sou nesesite pou mete edikasyon nan sant tout efò devlopman peyi a.
Daprè Mesye COLAGENE, dyaspora ayisyèn nan pa dwe limite sèlman nan voye lajan pou fanmi yo oswa peyi a. Li estime dyaspora a genyen kapasite, eksperyans ak konpetans ki kapab sèvi dirèkteman nan modènizasyon sistèm edikatif ayisyen an.
“Objektif la se pa sèlman mobilize dyaspora a, men mete li nan kè aksyon yo pou jwenn rezilta konkrè nan sistèm edikatif la,” se sa Direktè Jeneral FNE a fè konnen, pandan li mande plis kowòdinasyon ant enstitisyon leta yo, patnè teknik yo ak rezo pwofesyonèl ayisyen k ap viv aletranje.
Depi ouvèti rankont sa yo, plizyè sijè enpòtan deja sou tab diskisyon an, tankou fòmasyon jèn talan yo, itilizasyon teknoloji nan aprantisaj, ansanm ak mekanis pou transfè konpetans soti nan dyaspora a pou rive Ayiti.