Yon nonm ame te eseye fòse antre samdi swa 25 avril 2026, nan dine anyèl korespondan Mezon Blanch lan, kote ansyen Prezidan ameriken Donald Trump t ap patisipe pou premye fwa. Apre ensidan an, sèvis sekirite yo te evakye Trump ansanm ak plizyè lòt gwo responsab Leta yo an ijans.
Selon enfòmasyon yo, yon manm fòs lòd blese pandan kout zam yo te tire.
Polis rive arete sispèk la sou plas ki se ColeAllen, 31 lane, yon pwofesè ki soti Kalifòni, epi li dwe parèt devan lajistis lendi.
Donald Trump te reyaji kèk èdtan apre ensidan an pandan yon konferans pou laprès nan Mezon Blanch lan. Li te dekri zak la kòm aksyon yon “asasen an pouvwa”, pandan li t ap denonse menas kont sekirite peyi a.“Se pa premye fwa nan dènye ane sa yo Repiblik nou an sibi atak yon moun ki vle touye,” se sa Trump te deklare.
Dine korespondan Mezon Blanch lan se yon gwo evènman anyèl ki rasanble plizyè gwo figi politik ak medya nan Washington. Ensidan sa a lakoz gwo kè sote pami envite yo ak otorite ameriken