Force de répression des gangs (FRG) fè konnen, lendi 25 me 2026 la, li prèske fini ak tout preparasyon nesesè yo avan lansman operasyon li yo ann Ayiti, nan yon moman kote ensekirite a ap kontinye pran fòs nan Pòtoprens ansanm ak plizyè lòt zòn nan peyi a.
Pandan plizyè kesyon ap poze sou reta deplwaman misyon an ki te anonse pou mwa avril 2026 la, responsab FRG yo esplike enstalasyon fòs la ap fèt yon fason “pwogresif ak estriktire” pou kapab garanti plis efikasite nan operasyon k ap vini yo.
Menmsi misyon an pa bay kantite egzak ajan ki deja sou tèritwa ayisyen an, li fè konnen preparasyon yo antre nan dènye faz yo e operasyon kont gwoup ame yo kapab kòmanse nenpòt ki lè.
FRG la fè konnen tou pwoteksyon sivil yo rete youn nan pi gwo priyorite li. Daprè responsab misyon an, tout pèsonèl yo resevwa fòmasyon ki respekte nòmal entènasyonal nan domèn dwa moun, yon fason pou entèvansyon yo fèt nan respè popilasyon an ak lwa entènasyonal yo.
Centre à la UNE