Pa Emmanuel Taulème BRINA
Jounalis | Jiris |
Gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ap avanse nan direksyon òganizasyon premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo, ki anonse pou 13 desanm 2026.
Men, gen yon kesyon ki dwe poze : Eleksyon pou kiyès, e nan ki peyi?
Kijan nou ka pale seryezman de eleksyon lè ensekirite a kontinye anpeche plizyè milye sitwayen sikile lib, rete lakay yo e pafwa menm jwi dwa fondamantal yo genyen pou yo viv?
Pwoblèm nan se pa òganizasyon eleksyon yo. Ayiti bezwen eleksyon. Pwoblèm nan se lè yo vle fè dat eleksyon an tounen yon priyorite politik, pandan kesyon sekirite a rete youn nan pi gwo echèk Leta a.
Gouvènman an kapab pibliye kalandriye, fè anpil deklarasyon epi pwomèt retou nan lòd konstitisyonèl la.
Men, yon demokrasi pa bati sèlman ak bilten vòt. Li bati an premye ak yon Leta ki kapab pwoteje sitwayen li yo.
Pèp ayisyen an pa mande sèlman yon dat pou l al vote.
Li mande pou l kapab viv, sikile, travay epi retounen lakay li san li pa oblije viv anba menas gwoup ame yo.
Si gouvènman an vle vrèman konvenk popilasyon an, li dwe kòmanse montre rezilta konkrè sou teren an.
Konbyen teritwa ki reprann anba kontwòl Leta?
Konbyen sitwayen ki kapab retounen lakay yo jodi a?
Ki garanti reyèl y ap bay elektè yo ak kandida yo?
Kijan y ap òganize yon kanpay elektoral lib nan zòn kote Leta poko rive egzèse otorite li jan sa dwe fèt?
Se kesyon sa yo ki vrèman enpòtan.
Lè gouvènman an kontinye pale de eleksyon san li pa bay repons klè sou kriz sekirite a, li riske transfòme yon bèl objektif demokratik an yon senp operasyon kominikasyon politik.
Eleksyon yo pa dwe sèvi pou kache echèk gouvènman an nan asire sekirite popilasyon an.
Ayiti merite plis pase yon kalandriye elektoral.
Ayiti merite yon Leta ki kapab pran tout responsabilite li genyen pou l asire fonksyon regalyen li yo.
E anvan yo mande pèp la chwazi dirijan li yo, yo dwe garanti l dwa fondamantal li genyen pou l egziste epi viv an sekirite.
— Emmanuel Taulème BRINA
Jounalis | Juris | Defansè dwa moun