Ayiti : Jefnie Toussaint pran ofisyèlman fonksyon li kòm nouvo Direktè Jeneral Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE), lendi 17 out 2026, nan kad yon seremoni enstalasyon ki te prezide pa Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Vijonet Demero.

Seremoni an te dewoule an prezans plizyè manm gouvènman an, pami yo Sandra Paulemon, Kathia Verdier ak Pédrica Saint-Jean, ki se respektivman minis Planifikasyon an, Ayisyen k ap viv aletranje ak Kondisyon Fanm nan.

Plizyè lòt gwo responsab leta te patisipe tou nan seremoni an, kote Jefnie Toussaint te antre ofisyèlman nan fonksyon li kòm nouvo responsab FNE a.

Avèk nouvo responsabilite sa a, Jefnie Toussaint pral gen pou l dirije aksyon ak pwogram FNE yo nan objektif pou kontribye nan devlopman ak amelyorasyon sistèm edikasyon an ann Ayiti.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...