Kategori : Aktyalite Dyaspora

Samdi 22 Dawout 2026 | N°00569

Plizyè santèn sitwayen ayisyen te rasanble samdi 22 dawout devan Anbasad Ayiti nan Santiago, kapital Chili, pou manifeste kont difikilte yo rankontre nan pwosedi pou jwenn sètifika kazye jidisyè, yon dokiman Sèvis Nasyonal Migrasyon Chili egzije pou regilarize sitiyasyon migratwa yo.

Sitiyasyon an te vin pran yon lòt dimansyon lè yon gwoup manifestan, ki te pase plizyè èdtan ap tann san yo pa resevwa okenn enfòmasyon klè nan men responsab anbasad la, te fòse pòtay prensipal lokal diplomatik la pou antre anndan. Apre ensidan an, lapolis chilyèn, Carabineros, te entèvni pou reprann kontwòl sitiyasyon an, pandan plizyè medya lokal rapòte te gen moun ki te arete.

Dapre David Antoine, pòtpawòl Kominote Ayisyèn nan Chili, anpil moun te vini ak espwa yo t ap jwenn dokiman yo. Men, yo te dekouvri sèvis konsilè a pa t ap delivre sètifika yo jou sa a. Olye de sa, yo t ap bay fòmasyon pou yon ti gwoup moun. Li eksplike tou anpil dosye migratwa ki te prèske finalize te retounen nan premye etap yo apre chanjman ki fèt nan direksyon Sèvis Nasyonal Migrasyon Chili a, sa ki lakòz plis reta ak enkyetid pou plizyè santèn fanmi.

Plizyè manifestan deklare yo depanse ant 300 000 ak 500 000 peso chilyèn pou jwenn dokiman ki finalman pa t valab oswa ki pa janm rive kote yo te dwe ale. Pou anpil nan yo, reta administratif sa yo mete avni yo an danje, paske san dokiman sa yo yo pa kapab renouvle estati migratwa yo ni kontinye travay legalman nan peyi a.

Responsab kominote ayisyèn nan fè konnen konsekans kriz sa a depase kesyon administratif sèlman. Li estime difikilte pou regilarize sitiyasyon migratwa a ekspoze anpil fanmi ak plis mizè, diskriminasyon ak vyolasyon dwa yo. Li raple tou ke yon gwo pati nan kominote ayisyèn k ap viv Chili kontinye voye lajan regilyèman bay fanmi yo ann Ayiti, sa ki fè nenpòt blokaj administratif gen gwo konsekans sou lavi plizyè milye moun.

Manifestasyon sa a mete ankò kesyon sèvis konsilè ayisyen yo ak pwoteksyon dyaspora a sou tab la. Anpil obsèvatè estime otorite ayisyèn yo dwe amelyore kominikasyon ak sèvis yo bay sitwayen k ap viv aletranje yo, sitou nan yon kontèks kote kesyon migrasyon an vin pi konplike nan plizyè peyi nan rejyon an.

Protestasyon ki fèt nan Santiago a montre yon fwa ankò enpòtans pou administrasyon konsilè yo bay repons rapid, transparan ak efikas pou evite kriz ki kapab afekte dwa ak diyite sitwayen ayisyen yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841