PÒTRÈ À LA UNE
Mèkredi 02 Septanm 2026 | 00574
Nan lavi politik ayisyen an, gen kèk pèsonalite ki chwazi adapte diskou yo ak direksyon van an. Gen lòt ki pito rete fidèl ak pozisyon yo, menm lè sa koute yo kritik oswa izolman. Onorab Simon Dieuseul Desras fè pati dezyèm kategori sa a. Depi li antre sou sèn politik la, li bati repitasyon li sou yon diskou ki souvan dirèk, ki pa chèche fè plezi, men ki chèche atire atansyon sou kestyon li konsidere kòm menas pou avni peyi a.
Natif natal Sodo, nan depatman Sant, Simon Dieuseul Desras se yon avoka ak responsab politik ki te rive okipe plizyè gwo fonksyon nan Leta. Li te eli senatè depatman Sant lan epi pita li te prezide Sena Repiblik la ant 2012 ak 2015. Pandan peryòd sa a, li te vin youn nan figi politik ki te plis make deba nasyonal yo sou kestyon enstitisyon yo, demokrasi ak souverènte peyi a.
Youn nan karakteristik ki make karyè li se kapasite li pou defann pozisyon li yo, menm lè yo pa popilè. Pandan plizyè ane, li te pami responsab politik ki te avèti sou ogmantasyon pouvwa gwoup ame yo. Nan anpil entèvansyon piblik, li te denonse relasyon ki te kapab egziste ant kèk sektè politik, ekonomik ak gang yo. Pou li, ensekirite pa t janm yon fenomèn espontane. Li te toujou soutni li te genyen enterè dèyè devlopman gang yo e Leta te dwe aji avèk otorite pou evite sitiyasyon an depase limit.
Plizyè nan analiz li yo sou kestyon gang yo pran plis enpòtans jodi a, lè gwo pati nan teritwa nasyonal la anba kontwòl gwoup ame. Se poutèt sa anpil moun konsidere li kòm youn nan responsab politik ki te lanse avètisman yo bonè, menm si yo pa t toujou jwenn ase ekout.
Desras pa janm ezite kritike pouvwa anplas lè li estime enterè nasyonal la menase. Menm lè li te okipe fonksyon minis, li te kontinye prezante tèt li kòm yon aktè ki mete kestyon enstitisyon yo ak avni Leta ayisyen an nan sant refleksyon li.
Sou plan politik, li reprezante yon jenerasyon lidè ki kwè deba demokratik la dwe fèt sou baz lide, pwogram ak prensip. Sipòtè li yo wè lakay li yon moun ki gen kouraj politik, ki pa chanje diskou selon sikonstans. Kritik li yo konn reproche l kèk pozisyon oswa alyans politik. Men, menm advèsè li yo rekonèt li rete youn nan figi ki pi konstan nan fason li eksprime opinyon li.
Nan yon kontèks kote konfyans popilasyon an nan klas politik la vin pi fèb chak jou, Simon Dieuseul Desras kontinye okipe yon plas enpòtan nan deba piblik la. Entèvansyon li yo sou kestyon sekirite, gouvènans, demokrasi ak avni Leta ayisyen an fè li rete youn nan vwa politik ki kontinye enfliyanse refleksyon sou lavni peyi a.
Ekri pa: Valérie JEAN PHILIPPE, anba sipèvizyon direksyon Centre à la UNE