Lendi 07 Septanm 2026 | N°00577

PÒTRÈ À LA UNE

Me Marie Judith SAINVAL, yon vwa ki chwazi angajman olye silans

Ekri pa : Valérie JEAN PHILIPPE Anba sipèvizyon Direksyon Centre à la UNE

Nan yon sosyete kote kestyon dwa fanm yo toujou ap soulve gwo deba, gen kèk vwa ki chwazi pa rete nan kòmantè, men ki angaje yo chak jou pou defann prensip yo kwè ladan yo. Me Marie Judith SAINVAL se youn nan figi sa yo. Avoka, konferansyè, militan pou dwa moun, feminis ak sitwayèn angaje, li fè pati jenerasyon pwofesyonèl ayisyen ki kwè chanjman yon peyi pa kòmanse sèlman nan diskou politik, men nan aksyon, nan edikasyon ak nan angajman chak sitwayen.

Li fèt Gran-Gwav, Me Marie Judith SAINVAL grandi nan yon fanmi kote valè travay, diyite ak sakrifis te toujou okipe yon plas santral. Pi piti nan uit pitit, li se pitit yon manman ki te madan sara, ki pa t gen chans ale lekòl, men ki te konprann yon verite fondamantal, edikasyon se pi gwo eritaj yon paran kapab kite pou pitit li. Se fanm vanyan sa a ki, ak anpil sakrifis, mete tout enèji li pou pitit li yo jwenn fòmasyon li menm pa t janm genyen. Se eritaj moral sa a ki vin trase premye liy angajman Marie Judith SAINVAL.

Lè li chwazi etidye dwa, objektif li pa t sèlman vin yon pwofesyonèl. Li te vle sèvi ak konesans li kòm yon zouti pou defann sila yo ki pi vilnerab yo. Depi premye ane li kòm avoka, li montre enterè espesyal pou kestyon dwa fanm, dwa timoun ak kestyon jistis sosyal. Pou li, lalwa pa dwe sèvi sèlman pou rezoud konfli. Li dwe sèvi pou pwoteje diyite moun epi kreye yon sosyete kote tout sitwayen jwenn menm chans.

Youn nan batay ki plis idantifye li se lit pou dwa fanm ann Ayiti. Nan prèske tout entèvansyon piblik li yo, li raple ke devlopman yon peyi pa posib si plis pase mwatye popilasyon an kontinye viktim diskriminasyon, vyolans ak inegalite. Pou li, kestyon fanm pa dwe rete yon slogan politik oswa yon sijè ki retounen sèlman nan dat senbolik yo. Li dwe tounen yon politik piblik pèmanan ki bay fanm aksè ak edikasyon, travay, sekirite, kredi, responsablite ak desizyon.

Men vizyon li sou feminis depase kestyon revandikasyon sèlman. Li defann yon feminis ki chita sou responsabilite, sou diyite ak sou patisipasyon fanm nan tout nivo lavi nasyonal la. Pou li, batay la pa fèt kont gason. Li fèt kont tout sistèm ki anpeche fanm devlope kapasite yo oswa egzèse dwa yo.

Yon lòt aspè ki fè anpil moun enterese nan refleksyon li yo se fason li marye lafwa kretyèn li ak angajman feminis li. Nan yon sosyete kote anpil moun kwè de idantite sa yo pa ka mache ansanm, Marie Judith SAINVAL pran yon pozisyon diferan. Li kwè lafwa pa dwe sèvi pou jistifye diskriminasyon oswa dominasyon. Okontrè, li wè mesaj Kris la kòm yon envitasyon pou respekte diyite tout moun, san distenksyon. Se poutèt sa li toujou defann yon entèpretasyon Bib la ki mete lanmou, jistis ak respè moun an premye.

Men angajman li pa limite ak tribinal oswa konferans. Li prezan tou sou teren an. Se nan lespri sa a li patisipe aktivman nan inisyativ « Ede Moun », yon mouvman solidarite ki pote asistans bay fanmi ki pi frajil yo, distribye materyèl eskolè, sipòte timoun ak kominote ki pi vilnerab yo. Pou li, charite pa dwe yon evènman. Li dwe yon abitid. Li kwè yon avoka pa dwe sèlman pale sou jistis. Li dwe viv li.

Se travay sa a ki fè anpil moun wè lakay li yon lidè kominotè anvan menm yo wè li kòm yon aktè politik. Li pase tan li nan kominote yo, li koute moun, li patisipe nan aktivite sosyal, li bay fòmasyon epi li ankouraje sitwayen yo pran responsabilite yo. Pou anpil jèn, li reprezante yon modèl angajman ki montre li posib sèvi peyi a san vyolans, san rayisman ak san enterè pèsonèl.

Nan dènye ane yo, prezans li sou rezo sosyal yo vin ogmante enpak mesaj li yo. Avèk plizyè dizèn milye moun k ap swiv li, li sèvi ak platfòm dijital yo pou sansibilize popilasyon an sou kestyon dwa moun, kestyon fanm, koripsyon, enpinite ak responsablite sitwayèn. Pou li, rezo sosyal yo pa sèlman yon espas kominikasyon. Yo se yon zouti edikasyon sivik ak mobilizasyon.

Diskou li yo souvan dirèk, yo konn pwovoke deba, men yo prèske toujou chita sou menm prensip yo: respè lalwa, diyite moun, egalite devan lajistis ak nesesite pou jenerasyon k ap vini yo pran plas yo nan rekonstriksyon peyi a. Se konstans sa a ki fè popilarite li kontinye grandi.

Pou anpil obsèvatè, Marie Judith SAINVAL fè pati nouvo jenerasyon lidè ayisyen yo. Yon jenerasyon ki soti nan sosyete sivil la, ki fòme akademikman, ki pa pè pran pozisyon epi ki kwè politik dwe retounen yon espas sèvis piblik olye yon espas privilèj.

Natirèlman, tankou tout pèsonalite piblik, pozisyon li yo pa toujou fè inanimite. Gen moun ki dakò ak vizyon li. Gen lòt ki kritike kèk nan analiz li oswa kèk nan pozisyon li pran sou kestyon sosyal yo. Men sa ki pa ka inyore se plas li rive pran nan deba piblik la. Li tounen youn nan vwa yo koute lè kestyon dwa fanm, jistis sosyal ak angajman sitwayen vin sou tab la.

Pou Centre à la UNE, prezante Me Marie Judith SAINVAL pa vle di adopte tout pozisyon li yo. Objektif ribrik Pòtrè À la UNE se mete limyè sou fanm ak gason ki, pa angajman yo, pa travay yo oswa pa enfliyans yo, rive make sosyete ayisyèn nan.

Nan yon peyi k ap chèche nouvo referans, nouvo modèl lidèchip ak nouvo sous espwa, pakou Me Marie Judith SAINVAL envite yon refleksyon sou valè angajman, sou fòs edikasyon ak sou kapasite yon sèl sitwayen pou enfliyanse lavi yon kominote. Kit se nan tribinal, nan kominote yo, sou rezo sosyal yo oswa nan espas refleksyon piblik yo, li kontinye pote yon mesaj ki chita sou jistis, egalite ak responsablite.

Se tan kap vini an ki pral di ki lòt chapit ki rete pou ekri nan pakou li. Men yon bagay deja klè. Nan jenerasyon pa li, Marie Judith SAINVAL deja enpoze tèt li kòm youn nan figi ki pi aktif nan batay pou dwa moun, pou diyite fanm ak pou yon sitwayènte ki pi angaje ann Ayiti.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841

Laisser un commentaire