Ekri Pa: Mèt Ernson THOMAS ak Mèt Marie Judith SAINVAL
Tradui an kreyòl pa ekip redaksyon Centre à la UNE, sou direksyon Jean Launy AVRIL
16 septanm 2026 tan lekti: 11 minit
Foto: Tribinal depè seksyon Sid Pòtoprens Kredi foto: Lesly Dorcin
ENTWODIKSYON
Yon batistè ki pèdi. Yon timoun paran li pa janm deklare nan sèvis eta sivil. Yon kat idantite ki ekspire epi moun nan bezwen renouvle l san li pa konnen ni ki kote ni kijan pou li fè sa. Sitiyasyon sa yo kapab parèt senp nan premye gade, men an reyalite, yo genyen gwo konsekans jiridik. San yon idantite sivil ki fyab, yon moun pa kapab eritye nan tout sekirite, ouvri yon kont labank, vote, epi pafwa li pa menm kapab fè rekonèt yon dwa pwopriyete devan yon tribinal.
Eta sivil la pa yon senp fòmalite administratif. Li se pòt antre pou tout dwa sivil ak ekonomik yon moun. Nou kapab defini eta sivil kòm ansanm enfòmasyon ofisyèl ki idantifye yon moun sou plan administratif, tankou non ak siyati li, dat ak kote li fèt, sitiyasyon matrimonyal li, nimewo oswa matrikil idantite ak idantifikasyon li.
Jiska jounen jodi a, sistèm eta sivil ayisyen an toujou rete yon sistèm k ap konstwi. Li make ak yon istwa lejislatif ki chaje anpil, ki soti depi nan Kòd Sivil la ak yon dekrè-lwa 1945 ki te òganize, nan yon fason ki te kreye gwo inegalite, yon rejim apa pou sa yo te rele « zak eta sivil peyizan yo ». Depi ane 1980 yo, gen yon refòm enstitisyonèl ki angaje tou ozalantou Biwo Nasyonal Idantifikasyon an, ONI. Atik sa a pwopoze pou retrase kad legal sistèm nan, analize enpòtans li pou sekirite jiridik, gouvènans ak devlopman ekonomik, epi idantifye defi ki toujou egziste nan aplikasyon refòm sa a.
I. KAD LEGAL ETA SIVIL ANN AYITI
1.1 Yon baz legal ki ansyen nan Kòd Sivil la
Rejim eta sivil la jwenn premye fondman li nan Kòd Sivil ayisyen an. Plizyè dizèn atik nan Kòd la òganize fason ofisye eta sivil yo dwe anrejistre ak konsève zak nesans, maryaj ak lanmò.
An patikilye, atik 55 Kòd Sivil la te sibi yon modifikasyon atravè dekrè 14 novanm 1988 la ki konsène Sèvis Enspeksyon ak Kontwòl Eta Sivil la. Sa montre depi lontan te deja genyen yon volonte pou ranfòse sipèvizyon sou fason yo kenbe rejis eta sivil yo.
1.2 Yon eritaj pou korije: separasyon istorik ant vil ak zòn riral yo
Istwa lejislatif eta sivil ayisyen an pote tras yon diferansyasyon anpil moun konsidere jodi a kòm yon pwoblèm.
Dekrè-lwa 11 janvye 1945 la te òganize yon rejim espesyal pou sa li te rele « zak eta sivil peyizan yo », apa de rejim ki te aplike nan zòn iben yo.
Diferans sa a montre te genyen yon òganizasyon administratif diferan selon si moun yo t ap viv nan zòn riral oswa nan vil. Pandan plizyè dizèn ane, sitiyasyon sa a te vin yon faktè anplis ki te febli fyabilite ak inifòmite rejis nasyonal moun yo. Se youn nan pwoblèm refòm ki pi resan yo ap chèche korije atravè inifikasyon sistèm nan.
1.3 Ranfòsman kontwòl la: lwa 1974 la ak dekrè ki te vini apre yo
Lwa 20 avril 1974 sou Sèvis Enspeksyon ak Kontwòl Eta Sivil la te reprezante yon lòt etap nan volonte pou rann rejis eta sivil yo pi fyab. Lwa sa a te mete sou pye yon mekanis espesyal pou sipèvize sistèm nan.
Dinamik sa a te kontinye atravè plizyè dekrè sou eta sivil, sitou dekrè 14 novanm 1988, 12 me 1995 ak 2 fevriye 2002 yo. Tèks sa yo te presize, piti piti, règ sou fòm ak pwosedi ki dwe aplike pou zak ofisye eta sivil yo prepare.
Nou pa dwe bliye arete prezidansyèl 16 janvye 2014 ak 13 novanm 2019 yo sou regilarizasyon eta sivil ann Ayiti.
1.4 Kreyasyon Biwo Nasyonal Idantifikasyon an, ONI
Dekrè 21 septanm 1987 la te kreye Biwo Nasyonal Idantifikasyon moun fizik yo, ONI. Se yon òganis otonòm ki gen yon karaktè administratif epi ki plase sou sipèvizyon Ministè Jistis ak Sekirite Piblik.
Kreyasyon ONI te make kòmansman yon pwosesis santralizasyon idantifikasyon sivil Ayisyen yo. Anvan sa, sistèm nan te gaye atravè plizyè jiridiksyon ak biwo eta sivil ki te distribye sou tout teritwa peyi a.
1.5 Kat Idantifikasyon Nasyonal la ak anrejistreman nesans yo
Dekrè 1ye jen 2005 la sou Kat Idantifikasyon Nasyonal la ak anrejistreman nesans pa ONI te konkretize pwojè pou kreye yon sèl kat idantifikasyon nasyonal.
Dekrè sa a bay ONI yon wòl aktif tou nan anrejistreman nesans yo, an kowòdinasyon avèk ofisye eta sivil ki deja an fonksyon yo.
Pwojè lwa òganik ONI a, ki te prepare apre sa, mete aksan klèman sou nesesite ijan pou anrejistre tout Ayisyen ak Ayisyèn depi lè yo fèt epi atribye chak moun yon nimewo idantifikasyon inik.
Sa montre, yon fason endirèk, anrejistreman inivèsèl tout moun te toujou yon objektif pou peyi a reyalize nan moman sa a, olye li te deja yon reyalite.
1.6 Refòm 2020 an: Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Inik la ak Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik la, NINU ak CINU
Yon etap lejislatif ki pi resan te pote gwo chanjman nan sistèm nan. Se dekrè 16 jen 2020 an ki konsène Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Inik la, NINU, ak Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik la, CINU.
Tèks sa a anile ansyen nimewo idantifikasyon yo, NIF ak NIN. Li egzije moun ki genyen ansyen nimewo sa yo pou yo prezante devan ONI pou yo resevwa yon NINU.
Pi enpòtan toujou, li ranplase batistè tradisyonèl la ak yon sètifika nesans yon ajan ONI oswa yon ajan eta sivil delivre. Sètifika sa a dwe genyen NINU moun nan, yon nimewo li dwe konsève pandan tout lavi li.
CINU a dwe renouvle chak dis ane. Li fèt apati nimewo inik sa a epi li itilize plizyè kalite done byometrik: anprent dwèt, iris je, rekonesans vizaj ak foto.
1.7 Pwojè lwa 2017 la sou pwoteksyon done pèsonèl
Pwojè lwa 2017 la ki te prevwa etablisman Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik la te konsène tou pwoteksyon done pèsonèl yo. Aspè sa a esansyèl paske sistèm nan baze sou koleksyon done byometrik sansib ki konsène tout popilasyon an.
Tèks sa a te prevwa tou yon lis sitiyasyon kote prezantasyon kat la ta obligatwa. Pami yo genyen patisipasyon nan yon zak eta sivil, patisipasyon nan yon egzamen oswa yon konkou ofisyèl, demann finansman piblik pou yon kanpay elektoral, demann yon nimewo telefòn, ak an jeneral tout sitiyasyon kote yon pyès idantifikasyon obligatwa.
II. ETA SIVIL KÒM YON DEFİ POU SEKIRITE JIRIDIK, GOUVÈNANS AK DEVLOPMAN
2.1 Yon kondisyon fondamantal pou sekirite jiridik dwa sivil yo
Yon batistè ki fyab epi ki transkri regilyèman nan rejis eta sivil yo se premye kondisyon pou yon moun kapab egzèse anpil dwa sivil li nan sekirite.
Li pèmèt etabli filyasyon yon moun, fè rekonèt dwa nan yon eritaj, antre nan yon maryaj lalwa rekonèt, oswa pwouve idantite yon moun nan kad yon tranzaksyon oswa yon litij.
Dimansyon sa a konekte dirèkteman avèk pwoblèm nou te deja analize konsènan dwa pwopriyete ak kesyon tè.
Yon eritye ki pa kapab etabli filyasyon li klèman atravè yon zak eta sivil regilye ap nesesèman rankontre plis difikilte pou fè rekonèt dwa li nan yon siksesyon. Sitiyasyon sa a kapab alimante endivizyon ki pa formalize, yon pwoblèm nou te deja idantifye kòm youn nan koz estriktirèl ensekirite fonse ann Ayiti.
2.2 Yon kondisyon pou patisipasyon nan lavi demokratik
Dekrè 2020 an prevwa klèman Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik la obligatwa pou yon moun kapab jwi dwa sivil ak politik li. Sa gen ladan dwa pou yon moun kandida nan yon eleksyon oswa pou li vote.
Kidonk, eta sivil ak idantifikasyon nasyonal pa sèlman antre nan domèn dwa sivil nan sans estrik.
Yo detèmine dirèkteman kapasite yon sitwayen pou li patisipe totalman nan gouvènans demokratik peyi a. Nan pratik, absans yon dokiman idantite ki valid kapab anpeche yon moun egzèse dwa li pou vote.
2.3 Yon zouti pou enklizyon ekonomik ak finansye
Sou plan ekonomik, yon idantite sivil ki fyab se yon kondisyon fondamantal tou pou enklizyon finansye.
Nan prèske tout ka, ouvèti yon kont labank, siyen yon kontra asirans, jwenn aksè ak kredi oswa siyen yon kontra travay fòmèl mande pou moun nan prezante yon pyès idantite ki valid.
Yon sistèm eta sivil ak idantifikasyon ki pa fonksyone byen oswa ki pa konplè kapab, nan pratik, mete yon pati nan popilasyon an deyò ekonomi fòmèl la.
Sa koresponn ak konsta nou te deja fè nan atik nou sou dwa envestisman an konsènan aksè limite kèk aktè ekonomik genyen ak kredi lè yo pa posede ase garanti dokimantè.
2.4 Yon zouti pou gouvènans ak planifikasyon piblik
Yon rejis nasyonal idantifikasyon ki fyab pèmèt Leta genyen yon baz done ki estriktire. Sa fasilite echanj enfòmasyon jeneral sou sitwayen yo ak senplifikasyon kèk demach administratif, yon objektif pwojè lwa òganik ONI a mansyone klèman.
Kapasite pou Leta òganize gouvènans li sou baz done sa yo gen yon enpak dirèk sou kalite politik piblik yo.
Resansman, planifikasyon nan edikasyon ak lasante, idantifikasyon moun ki bezwen èd sosyal, ansanm ak fyabilite lis elektoral yo, tout depann an premye de kalite rejis eta sivil ak sistèm idantifikasyon nasyonal la.
III. DEFI KI TOUJOU EGZISTE NAN REFÒM NAN
3.1 Yon kouvèti ki poko konplè ak anpil deklarasyon nesans ki fèt anreta
Malgre diferan tèks legal ki adopte youn apre lòt, anrejistreman inivèsèl tout nesans depi lè yo fèt toujou rete yon objektif ki poko reyalize nèt.
Tèks legal yo menm montre reyalite sa a. Pwosedi enskripsyon nan Rejis Nasyonal Idantifikasyon an prevwa klèman posibilite pou yon moun prezante, nan plas yon batistè òdinè, yon deklarasyon nesans ki fèt anreta epi ki transkri kòmsadwa nan rejis eta sivil yo.
Sa montre sitiyasyon sa a pa t yon ka izole. Lejislatè a te oblije prevwa li klèman.
Pèsistans deklarasyon nesans ki fèt anreta yo montre tou difikilte moun genyen pou jwenn aksè fizik ak biwo eta sivil yo, sitou nan zòn riral ak zòn ki pi lwen sou teritwa peyi a.
3.2 Itilizasyon batistè legliz oswa sètifika batèm kòm siy yon rejis ki poko konplè
Lefètke règleman yo aksepte yon sètifika batèm kòm yon dokiman altènatif pou enskripsyon nan Rejis Nasyonal Idantifikasyon an bay yon lòt endikasyon sou feblès sistèm nan.
Enstitisyon relijye yo toujou jwe yon wòl enpòtan nan konstatasyon nesans yo, kòm yon konpleman pou sistèm eta sivil Leta a, epi pafwa, nan pratik, kòm yon ranplasman pou li.
3.3 Renouvèlman kat idantifikasyon an ap lite pou suiv kantite demann yo
Plizyè sous rapòte difikilte konkrè yon kantite enpòtan sitwayen rankontre pou renouvle Kat Idantifikasyon Nasyonal yo.
Pwoblèm sa a vin pi sansib toujou paske, depi dekrè 2020 an, kat la se yon kondisyon pou egzèse anpil dwa sivil ak politik.
Si sitiyasyon sa a kontinye, li kapab repwodui, sou yon nouvo fòm dijital, menm eksklizyon dokimantè refòm nan te fèt espesyalman pou korije a.
3.4 Pwa sanksyon yo sou popilasyon ki pi vilnerab yo
Sistèm nan prevwa sanksyon finansye. Pami yo genyen yon amann pou nenpòt moun yo jwenn san kat idantifikasyon apre delè yo te bay la fini.
Dapre tèks nou konsilte yo, kantite amann nan kalkile sou baz yon pousantaj nan revni mansyèl moun nan oswa sou baz salè minimòm nan pou moun ki pa genyen travay.
Objektif pou tout moun genyen yon pyès idantite ki valid se yon objektif lejitim. Sepandan, aplikasyon kalite sanksyon sa yo mande anpil vijilans pou yo pa vin penalize plis moun ki deja genyen difikilte, akoz pwoblèm aksè oswa mank mwayen ekonomik, pou yo konfòme yo ak nouvo sistèm nan nan delè yo fikse yo.
3.5 Kontinite enstitisyonèl devan enstabilite politik ak pwoblèm sekirite
Menm jan ak refòm fonse ak refòm sou envestisman nou te analize nan atik anvan yo, refòm eta sivil ak idantifikasyon nasyonal la mande yon kontinite enstitisyonèl ak operasyonèl.
Sa mande tou antretyen enfrastrikti byometrik yo, fòmasyon kontinyèl ofisye eta sivil yo ak disponibilite biwo yo sou tout teritwa peyi a.
Sepandan, enstabilite politik ak sitiyasyon sekirite peyi a konnen pandan dènye ane yo rann kontinite sa a patikilyèman difisil pou garanti sou yon peryòd ki long.
3.6 Kèk mwayen pou konsolide refòm nan
Plizyè aksyon, ki mache nan menm sans ak lòt pati nan seri nou an sou sekirite jiridik ann Ayiti, ta kapab ranfòse aplikasyon pratik refòm nan:
• Elaji prezans sèvis anrejistreman nesans yo sou teritwa a, sitou nan zòn riral yo, pou diminye kantite moun ki oblije itilize deklarasyon nesans anreta.
• Senplifye epi akselere pwosesis renouvèlman Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik la, pou evite yon refòm ki fèt pou garanti sekirite idantite sivil la tounen, akoz delè yo, yon nouvo sous eksklizyon.
• Mete yon kad strik pou aplikasyon sanksyon finansye ki gen rapò ak absans kat idantite, pandan otorite yo pran an konsiderasyon sitiyasyon ekonomik reyèl moun ki konsène yo.
• Ranfòse kowòdinasyon ant ofisye eta sivil lokal yo ak ONI, pou garanti done eta sivil yo rive rapidman epi nan yon fason fyab nan rejis nasyonal la.
• Garanti pwoteksyon done byometrik yo kolekte yo, dapre objektif pwojè lwa 2017 la. Sansiblite done sa yo mande garanti solid pou anpeche nenpòt itilizasyon ki pa koresponn ak objektif legal yo.
KONKLIZYON
Refòm eta sivil ayisyen an montre, petèt pi klè pase anpil lòt pwojè refòm jiridik nan peyi a, nan ki nivo sekirite jiridik chak moun ak bon fonksyònman Leta konekte youn ak lòt.
Yon batistè ki fyab pa yon senp papye. Li se premye kondisyon pou yon moun kapab eritye nan sekirite, vote, jwenn aksè ak yon kont labank epi jwenn rekonesans kòm yon moun ki genyen tout dwa lalwa rekonèt.
Refòm ki te kòmanse depi 1987 ozalantou ONI, epi dekrè 2020 an te apwofondi avèk etablisman NINU ak CINU, montre genyen yon volonte reyèl pou modènize baz fondamantal sa a.
Sepandan, menm jan ak refòm fonse ak refòm enstitisyonèl nou te analize nan atik anvan yo nan seri sa a, modènizasyon an ap kapab bay tout rezilta li sèlman si sistèm nan rive kouvri tout popilasyon an toutbonvre, si delè renouvèlman yo pa kreye yon nouvo fòm eksklizyon, epi si Leta pwoteje avèk pi gwo rigè done pèsonèl li kolekte kounye a sou tout popilasyon an.
Se sou kondisyon sa yo eta sivil la ap kapab jwe tout wòl li kòm fondman sekirite jiridik, gouvènans demokratik ak devlopman ekonomik peyi a.
BIBLIYOGRAFI
Tèks jiridik ki site yo
• Kòd Sivil ayisyen, atik ki konsène eta sivil, sitou atik 55 la, ki te modifye atravè dekrè 14 novanm 1988 la.
• Dekrè-lwa 11 janvye 1945 sou òganizasyon zak eta sivil peyizan yo.
• Lwa 20 avril 1974 sou Sèvis Enspeksyon ak Kontwòl Eta Sivil.
• Dekrè 21 septanm 1987 ki kreye Biwo Nasyonal Idantifikasyon moun fizik yo, ONI.
• Dekrè 14 novanm 1988, 12 me 1995 ak 2 fevriye 2002 sou eta sivil.
• Dekrè 1ye jen 2005 sou Kat Idantifikasyon Nasyonal ak anrejistreman nesans pa ONI.
• Arete prezidansyèl 16 janvye 2014 ak 13 novanm 2019.
• Pwojè lwa 2017 ki etabli Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik la epi ki konsène pwoteksyon done pèsonèl.
• Dekrè 16 jen 2020 sou Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Inik, NINU, ak Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik, CINU.
SOUS OFISYÈL AK ENSTITISYONÈL
• Biwo Nasyonal Idantifikasyon, ONI, « Décret créant l’ONI et ses attributions », oni.gouv.ht.
• Biwo Nasyonal Idantifikasyon, ONI, « La Carte d’identification nationale », oni.gouv.ht.
• Biwo Nasyonal Idantifikasyon, ONI, « Projet de loi organique de l’ONI », migrantsoutremer.org.
• Haïti Libre, « Projet de loi instituant la Carte d’identification nationale unique et portant sur la protection des données personnelles », 2017, haitilibre.com.
• Gazette Haïti, « Le décret de Jovenel Moïse invalide le NIF et annule les autres cartes d’identification », 2020, gazettehaiti.com.
• Komisyon Imigrasyon ak Estati Refijye Kanada, « Haïti : information sur la Carte d’identification nationale (CIN) […] », 2023-2026, ecoi.net.
Dat dènye verifikasyon sous yo: 2 out 2026.
AVÈTISMAN AK MANSYON LEGAL
Atik sa a fèt sèlman pou bay enfòmasyon ak sèvi kòm materyèl pedagojik. Li pa reprezante, nan okenn sikonstans, yon konsiltasyon jiridik pèsonalize epi li pa kapab ranplase konsèy yon avoka oswa enfòmasyon ofisyèl Biwo Nasyonal Idantifikasyon, ONI, bay pou nenpòt demach endividyèl ki konsène eta sivil oswa idantifikasyon nasyonal.
SOU OTÈ YO
Atik la ekri pa Mèt Ernson THOMAS, avoka ak jiris nan dwa biznis, espesyalize nan dwa sosyete, dwa fiskal, dwa piblik ekonomik ak konfòmite, « compliance ».
An kolaborasyon avèk Mèt Marie Judith SAINVAL, avoka, espesyalis nan dwa sosyal ak resous imèn, epi jiris nan dwa entènasyonal imanitè ak dwa moun.
Tradiksyon ak adaptasyon an kreyòl: Ekip redaksyon Centre à la UNE
Sou direksyon: Jean Launy AVRIL
Ribrik: TRIBIN