Se yon ansyen rivalite ki pral reveye sou gazon an. Seleksyon Ayiti a ak seleksyon Repiblik Dominikèn nan pral kwaze epe, jedi 1ye oktòb 2026 la , nan Estadio Olímpico Félix Sánchez, nan Santo Domingo, nan kad Lig Nasyon Concacaf la, Lig A, Gwoup A.

Konfwontasyon sa a gen yon gou espesyal, sitou paske li mete de ekip ki soti sou menm zile a fas a fas ankò, apre plis pase 13 ane depi dènye rankont yo.

Dapre estatistik istorik ki disponib yo, Ayiti ak Repiblik Dominikèn deja rankontre 14 fwa nan match entènasyonal. Grenadye yo gen yon bilan ki klèman an favè yo, ak 11 viktwa, 2 match nul, kont sèlman yon viktwa pou Repiblik Dominikèn.

Men, sèl viktwa dominiken an rete yon referans pou rivalite a. Li te fèt 24 mas 2013, nan San Cristóbal, kote Repiblik Dominikèn te bat Ayiti 3-1 nan yon match amikal. Depi lè sa a, de seleksyon yo pa t jwenn okazyon pou yo rankontre ankò.

Plizyè nan rankont ki te fèt anvan 2013 yo te montre dominasyon Ayiti nan seri sa a, tankou viktwa 2-1 an 2012, ansanm ak plizyè lòt viktwa Grenadye yo nan match amikal ak konpetisyon rejyonal yo.

Rankont 1ye oktòb la rive nan yon moman kote tansyon espòtif la pi wo toujou. Apre de premye jounen yo, Ayiti ak Repiblik Dominikèn genyen 6 pwen chak, sa ki mete match la nan yon pozisyon enpòtan pou klasman Gwoup A a.

Ayiti antre nan match la apre de viktwa konsekitif : yon 3-2 kont Trinidad ak Tobago, 24 septanm, epi yon 2-0 kont Kosta Rika, 27 septanm. Repiblik Dominikèn, bò kote pa li, soti nan yon viktwa 2-1 kont Trinidad ak Tobago nan dènye match li.

Concacaf mete Ayiti, Repiblik Dominikèn, Kosta Rika, Trinidad ak Tobago, Nikaragwa ak Kiraso nan menm Gwoup A a. Nan nouvo fòma Lig A a, chak ekip ap jwe kat match nan faz gwoup la, epi de premye ekip chak gwoup ap jwenn plas nan faz kwazman yo.

Repiblik Dominikèn pa menm ekip li te ye an 2013

Trete ekip dominiken an tankou yon advèsè ki pa gen anpil eksperyans entènasyonal ta kapab yon erè. Nan dènye ane yo, seleksyon dominiken an vin gen yon gwoup jwè ki evolye nan diferan chanpyona entènasyonal, sa ki ogmante nivo ekip la.

Menm jan ak Ayiti, Repiblik Dominikèn kapab konte sou jwè ki soti nan dyaspora a ak foutbolè ki abitye ak konpetisyon entènasyonal. Sa bay seleksyon an plis pwofondè epi fè rankont sa a diferan anpil ak sa ki te fèt an 2013 la.

Yon match ki depase twa pwen

Pou Ayiti, se pa sèlman yon kesyon de klasman. Se yon okazyon pou Grenadye yo kontinye bon demaraj yo nan Lig Nasyon yo epi pwolonje dominasyon istorik yo sou vwazen yo.

Pou Repiblik Dominikèn, se yon lòt bò yon opòtinite pou l repete pèfòmans 2013 la epi montre evolisyon foutbòl li fè pandan 13 dènye ane yo.

Se poutèt sa, lè siflèt abit la pral sonnen nan Estadio Olímpico Félix Sánchez, se pa sèlman de seleksyon k ap fè fas. Se de peyi, de istwa foutbòl ak yon rivalite ki tounen sou sèn entènasyonal la.

Ayiti ak Repiblik Dominikèn : 13 ane apre, klasik zile a retounen.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841