Seleksyon ayisyèn foutbòl la ap rankontre Repiblik Dominikèn jedi 1e oktòb 2026 la nan Estadio Olímpico Félix Sánchez, Santo Domingo, nan kad patisipasyon li nan « Ligue Concacaf des Nations » an. 2 seleksyon sa yo ki pataje zile a (île d’Haïti) ap jwe pami plizyè lòt nan nan Gwoup A.
Ayiti pase de yon peyi ki te resevwa youn nan pi gwo peyi foutbòl (Brezil) nan Pòtoprens, pou rive jodi a nan yon sitiyasyon tèlman grav, kote seleksyon nasyonal la ap jwe lakay vwazen li Repiblik Dominikèn, men li pa fouti ka antre lakay li, sou pwòp teritwa pa li.
Nan dat 18 dawout 2004, seleksyon Brezilyèn nan te antre Pòtoprens pou rankontre seleksyon ayisyèn pou yon match istorik yo te rele “Match pou Lapè”. Ronaldinho, Ronaldo ak anpil lòt gwo vedèt brezilyen te foule gazon ayisyen an devan yon foul ki te vin viv yon moman espesyal nan listwa foutbòl peyi a.
Selon enfòmasyon ki disponib, FIFA konsidere match sa a kòm youn nan evènman ki pi enpòtan nan tout listwa foutbòl ayisyen an. Puiske sa te fèt nan yon kontèks kote Ayiti te deja ap travèse yon peryòd gwo tansyon politik ak sosyal. Men, malgre difikilte yo, peyi a te toujou ka òganize yon match entènasyonal sou pwòp tèritwa li. Jodi a, reyalite a chanje radikalman. Kontrèman ak 2004, nan lane 2026 la Ayiti pa ka jwe lakay li malerezman. Ki sa ki nan baz gwo chanjman sa a gen anpil konesans negatif sou Ayiti, ak sou seleksyon an patikilye ?
An retalite, woblèm nan pa soti esklizivman nan foutbòl. Li se konsekans yon kriz sekirite ki vin afekte tout kapasite peyi a pou òganize gwo evènman entènasyonal tankou aktivite foutbòl. Depi plizyè ane, seleksyon nasyonal ayisyèn nan oblije chèche estad aletranje pou resevwa tout match li yo. Reuters rapòte pandan kalifikasyon li nan Mondyal 2026 la, Ayiti te jwe tout match li te konsidere kòm match lakay li sou teren net, sitou nan Kiraso. Seleksyon Nasyonal Ayisyèn nan pa jwe yon match entènasyonal lakay li depi 2021.
Sitiyasyon an vin pi grav an mas 2024, lè bandi ame te vin pran kontwòl Stade Sylvio Cator, prensipal estad foutbòl peyi a te konn resevwa match entènasyonal yo. Depi lè sa a, estad la pa ka sèvi ankò pou gwo evènman entènasyonal. Sa vle di, pwoblèm nan pa sèlman kesyon pou jwenn yon dat pou yon match.
Tout dirijan Ayisyen ki pase nan tèt peyi a depi 2021 an, pa janm poze okenn aksyon konkrè, nan sousi pou wè kijan yo kapab apeze konsiderableman pwoblèm ensekite ann Ayiti, reprann kontwòl estat la epi pèmèt Ayiti ka kontinye resevwa match lakay li, pandan y ap pèmèt Ayisyen ka viv seleksyon peyi k ap jwe lakay li.
Li pa yon sekrè pou pèsonn, nan foutbòl entènasyonal, lè ekip yo jwe lakay yo, sa genyen yon enpòtans espesyal. Gen piblik la ki reprezante yon 12èm jwè siuvteren an, gen anviwònman an, abitid teren an ak sipò fanatik yo ki jwe kèk wòl motè pou ekip la. Jwè ayisyen Louicius Deedson te eksplike FIFA li difisil anpil pou seleksyon an pa kapab jwe devan pwòp sipòtè li yo, e sa reprezante yon gwo avantaj ekip la pèdi. Kapitèn Johny Placide, Ricardo Ade, Duckens Nazon, Wilson Isidor te fè menm konsta sa yo, yo pale sou dezavantaj lè ekip la oblije jwe nan lòt peyi, e yo mande leta Ayisyen kreye mwayen pou yo ekip la ka jwe ann Ayiti.
Malgre tout sa, Grenadye yo rive fè yon travay istorik lè yo kalifye pou Koup di Mond 2026 la, 52 lane aprè dènye patisipasyon yo an 1974. Nan Mondyal la 2026 la, Ayiti te tonbe nan menm gwoup ak Brezil, Mawòk epi Ekòs. Konsa, 22 lane aprè Brezil te antre Pòtoprens pou jwe kont Ayiti nan yon “Match pou Lapè”, Ayiti te rankontre Brezil ankò, men fwa sa a se te Ozetazini.
Ayiti ak Repiblik Dominikèn se 2 peyi ki pataje menm zile a. Men jodi a, seleksyon ayisyèn nan ap travèse fwontyè pou al jwe yon match nan peyi vwazen an, pandan li pa gen posibilite pou resevwa menm match sa a sou tè pa li. Pou 2 premye match Ayiti te dwe resevwa lakay li nan Lig Nasyon 2026-2027 la, Federasyon Ayisyèn Foutbòl la te chwazi Sabina Park nan Kingston, peyi Jamayik, kòm teren pou match lakay yo kont Trinidad & Tobago ak Costa Rica, rezon an se paske Ayiti tounen peyi peyi kote se gang k ap fè lalwa.
Sitiyasyon sa yo lakoz sou papye Ayiti ka resevwa yon match lakay li, men an reyalite, match la fèt nan yon lòt peyi. Yon peyi ki te kapab resevwa Brezil, men ki pa kapab resevwa tèt li, montre kesyon depase foutbòl, e ale pi lwen. An 2004, Ayiti te gen kapasite pou resevwa youn nan pi gwo seleksyon foutbòl sou planèt la. Brezil te vini Pòtoprens, e match la te tounen yon senbòl espwa ak lapè. An 2026, Ayiti rive nan pi gwo sèn foutbòl mondyal la, li kalifye pou Mondyal la, li jwe kont Brezil, men li toujou pa kapab òganize match entènasyonal li sou pwòp tèritwa li. Sa montre distans ki genyen ant pwogrè espòtif seleksyon an ak sitiyasyon enstitisyonèl ak sekirite peyi a.
Seleksyon an genyen sou teren, li kalifye pou Mondyal, li pwodwi jwè ki jwe aletranje epi fè tout yon pèp fyè. Men, sa pa sifi pou aksepte peyi a kontinye pa ka resevwa match lakay li. Seleksyon an montre a klè li swete foutbòl la reprann vrè plas li ann Ayiti, men foutbòl la pou kont li pa ka rezoud pwoblèm sekirite, estad, transpò, otèl, lopital ak kapasite enstitisyon yo.
Soti nan match pou Lapè pou rive nan match ann ekzil, se youn nan pi gwo kontradiksyon foutbòl ayisyen an nan epòk nou an. Ayiti te yon fwa kapab resevwa Brezil nan Pòtoprens pou yon match ki te vin yon senbòl lapè. Jodi a, Ayiti gen yon jenerasyon Grenadye ki rive nan Koup di Mond avèk anpil fyète, men menm ekip sa a pa ka resevwa yon match entènasyonal nan kapital peyi li.
An 2004 Brezil te vini Ayiti, an 2026, Ayiti ale Brezil Ozetazini. E jodi a, 1e oktòb 2026, Grenadye yo ap jwe kont Repiblik Dominikèn nan Santo Domingo, kote yo p ap gen mwayen menm pase fè yon eskal ann Ayiti. Sa a pa sèlman yon istwa sou foutbòl. Li se yon imaj ki montre, nan fason ki trè senbolik, kijan yon peyi ka fè plis gwo pwogrè nan foutbòl la, si li gen posiblite tounen jwe lakay li.
Finalmam, yon seleksyon ka reprezante yon peyi nenpòt kote nan mond lan. Men, pou yon ekip santi li konble ak fyète, sa ki transmèt li plis enèjetik, fòk li gen mwayen retounen lakay epi jwe an prezans piblik ak sipòtè li.
«Kilè leta Ayisyen ap pèmèt seleksyon nasyonal Ayisyèn nan retounen jwe devan pèp ayisyen an, sou tè papa Desalin nan, nan estad pa li ?» Se kesyon tout sitwayen ap poze.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE