CENTRE À LA UNE
Madi 20 Oktòb 2026
PÒTRÈ À LA UNE
Sadrack VASTEY, yon vwa k ap chèche fè santiman ak eksperyans lavi tounen mesaj atravè mizik.
Nan peyizaj mizikal ayisyen an, kote anpil jèn talan ap lite pou jwenn plas yo, gen atis ki chwazi konstwi chemen yo avèk pasyans, pèseverans ak konviksyon. Se nan kategori sa a nou jwenn Sadrack VASTEY, piblik la konnen sou non atistik SACKO, yon jèn atis k ap evolye nan vil Gonayiv, nan depatman Latibonit. Depi kèk tan, li ap devlope eksperyans li nan domèn mizikal la, kote li deja fè pati plizyè gwoup mizik evanjelik ak sosyal. Eksperyans sa yo pèmèt li antre an kontak ak diferan estil, travay ansanm ak lòt mizisyen epi patisipe nan plizyè pwodiksyon kòm atis envite. Pou SACKO, mizik pa sèlman yon kesyon melodi oswa amizman; li reprezante yon mwayen pou eksprime santiman, pataje eksperyans ak kominike mesaj ki kapab touche lavi moun. Pakou li montre tou yon reyalite anpil jèn atis ayisyen ap viv: nesesite pou yo konstwi idantite atistik yo pandan y ap chèche mwayen pou fè talan yo jwenn rekonesans.
Apre eksperyans li nan diferan gwoup mizikal, SACKO pran desizyon pou li konsantre plis sou devlopman karyè solo li. Se konsa, nan ane 2025, li prezante yon mizik ki pote tit « Genyen lavi », yon konpozisyon ki chita sou espwa, konfyans ak volonte pou reyisi malgre difikilte lavi a. Atravè mizik sa a, atis la chèche fè pase yon mesaj ankourajman pou tout moun ki konn santi yo dekouraje devan obstak yo. Tit la pote yon senbolis ki depase yon senp ekspresyon: toutotan gen lavi, gen posiblite pou rekòmanse, pou leve apre yon echèk epi pou kontinye kwè nan yon demen miyò. Dapre atis la, mizik sa a kontinye ap fè chemen li, yon siy ki ankouraje l pousuiv travay li. Nan yon sosyete kote anpil jèn ap konfwonte ensètitid ekonomik, sosyal ak pèsonèl, mesaj sa a jwenn yon rezonans patikilye. Li raple nou mizik kapab sèvi kòm yon sous motivasyon, yon espas rekonfò ak yon zouti pou nouri lespwa.
Nan dat 10 oktòb 2026, SACKO franchi yon lòt etap nan karyè solo li avèk piblikasyon dezyèm single li, ki pote tit « Lis nwa ». Fwa sa a, atis la chwazi eksplore yon lòt dimansyon eksperyans imen an: lanmou, rekonesans ak satisfaksyon yon moun kapab santi lè li finalman jwenn afeksyon li t ap chèche depi lontan. Dapre eksplikasyon li, mizik sa a tradui santiman gratitid li devan yon lanmou ki vin pran yon plas enpòtan nan lavi li. Avèk de premye pwodiksyon solo sa yo, SACKO kòmanse trase yon liy atistik kote espwa ak lanmou okipe yon plas santral. Youn envite moun kenbe fèm devan difikilte, pandan lòt la mete aksan sou valè santiman ak relasyon imen. Pou Centre à la UNE, prezante Sadrack VASTEY se bay vizibilite ak yon jèn talan k ap konstwi pwòp idantite li nan mizik ayisyen an. Karyè li fèk ap pran yon nouvo direksyon, e se travay, kreyativite, disiplin ak kapasite pou kontinye pwodui ki pral pèmèt li devlope plis toujou. Paske nan mizik, menm jan ak nan lavi, se pa sèlman kote yon atis kòmanse ki enpòtan, men tou chemen li chwazi trase, mesaj li pote ak eritaj li aspire kite dèyè li.
Centre à la UNE -Kilti, talan ak patrimwàn mizikal ayisyen.
Ekri pa : Valérie Jean Philippe