Chak ane, 1ye ak 2 novanm, Ayiti plonje nan yon atmosfè rekèy, espirityalite ak tradisyon. Ant fèt Tout Sen (Latousen), fèt Mò yo ak selebrasyon Gede yo, de dat sa yo revele richès eritaj kiltirèl ak relijye pèp ayisyen an.
Nan kalandriye relijye a, premye novanm se fèt Tout Sen, yon selebrasyon Legliz katolik konsakre pou tout sen, kit yo rekonèt non yo, kit yo pa rekonèt yo. Tradisyon sa a te pran fòm ofisyèl nan Legliz oksidantal la nan nevyèm syèk la. Nan demen, 2 novanm, Legliz la komemore tout fidèl ki mouri yo. Se yon tradisyon ki te pran rasin nan travay Odilon, aba Cluny, ozalantou ane 998, ki te ankouraje lapriyè pou moun ki mouri yo. An Ayiti, de dat sa yo gen yon lòt dimansyon enpòtan : yo mache ansanm ak selebrasyon Gede yo nan tradisyon vodou a.
Gede yo : yon eritaj afriken nan kilti ayisyen an
Pratik sa yo gen rasin nan tradisyon espirityèl pèp afriken yo te kaptire pou vin travay fòse Sen Domeng. Vodou ayisyen an devlope apati divès eritaj afriken, sitou nan zòn Afrik Lwès, an kontak ak katolik ak reyalite istorik Sen Domeng nan jwenn ak kèk pratik relijye Tayino yo. Nou dwe di tou vodou Ayisyen an pa fije, li transfòme avèk tan pou entegre kèk nouvèl pratik ak eleman selon doktè Etnològ ayisyen Kesler Bien-Aimé. Nan vodou a, Gede yo se lwa ki asosye ak lanmò, simityè ak relasyon ant mò ak vivan. Men, yo pa reprezante lanmò sèlman : yo senbolize tou fètilite, renouvèlman lavi ak kontinite egzistans. Carl Henri Desmornes nan tèks Ti limyè sou vodou klase premye novanm pami dat ki enpòtan anpil pou pratikan vodou yo. Yon moman espesyal pou onore espri zansèt yo, fè gwo fèt yo « … se lè sa tou yo ka ede nou nan tout sa nap fè e nou menm ka ede yo sou wout yo ».Nan Encyclopedia of African Religion , Asante ak Mazama (2009) prezante Gede yo kòm espri ki gen lyen ak tradisyon afriken ak mond zansèt yo. Bò kote pa li, Laënnec Hurbon, nan Dieu dans le Vaudou haïtien (1972), analize relasyon ant vodou, katolik ak reprezantasyon lavi ak lanmò nan sosyete ayisyen an. Se poutèt sa, li pa kòrèk pou konsidere selebrasyon Gede yo kòm yon senp kopi fèt mò katolik la. Yo gen pwòp fondasyon espirityèl pa yo.
Bawon Samdi ak senbòl lanmò a
Nan linivè Gede yo, Bawon Samdi okipe yon plas santral. Li asosye ak simityè ak pasaj ant mond vivan yo ak mond mò yo. Grann Brijit se yon lòt gwo figi nan tradisyon sa a. Selebrasyon yo konn fèt nan simityè, peristil ak lòt espas sakre. Mizik, dans, chante, priyè ak ofrann kapab fè pati seremoni yo. Rad nwa, blan ak vyolèt, ansanm ak kèk senbòl tankou siga ak linèt nwa, asosye ak imaj Gede yo. Nan seremoni sa yo, imè, pawòl pike ak konpòtman ki depase kèk prensip sosyal tradisyonèl melanje ak sakre a. Milo Marcelin, nan Les Fêtes en Haïti (1955), bay enfòmasyon istorik sou divès fèt ak tradisyon popilè peyi a nan fason yon selebre.
Yon moman pou sonje zansèt yo
Pi lwen pase relijyon, premye ak 2 novanm se okazyon pou fanmi yo rann omaj ak moun ki mouri yo. Vizit nan simityè, netwayaj tonm, flè, bouji ak priyè, depoze kafe nan non desede yo se kèk nan pratik ki montre enpòtans memwa mò yo nan sosyete ayisyen an. Nan yon atik ki te parèt nan Le Nouvelliste (2017), Abner Septembre mete aksan sou relasyon espirityèl ak sosyal ki kontinye egziste ant vivan yo ak mò yo, sitou nan kominote riral yo. Se yon fason pou montre lanmò pa toujou vle di disparisyon total nan memwa fanmi an. Zansèt yo kontinye gen plas yo nan istwa, nan tradisyon ak nan idantite kominote a.
Yon patrimwàn pou konsève
Selebrasyon premye ak 2 novanm yo montre divèsite relijye ak richès kiltirèl Ayiti. Menm lè katolik ak vodouyizan pa bay dat sa yo menm sans, toude tradisyon yo mete aksan sou memwa, respè ak relasyon moun genyen ak moun ki disparèt yo. Nan yon sosyete k ap chèche prezève idantite li, konprann tradisyon sa yo se yon fason pou pwoteje patrimwàn kiltirèl peyi a. Yon pèp pa bati avni li sèlman ak moun ki vivan yo. Li bati l tou sou memwa, istwa ak eritaj moun ki te la anvan li yo.
Bernado JOSEPH, Centre à la UNE!