Fondasyon Je Klere (FJKL) mande Nasyonzini ranfòse koperasyon militè ak sekirite ant Ayiti ak Salvadò pou konbat gang ame yo. Nan yon rapò òganizasyon an pibliye mèkredi 4 novanm 2026 la, li pwopoze pou mete sou pye yon kad legal ki ta defini kondisyon entèvansyon sòlda salvadoryen yo, pandan l ap mande gouvènman ayisyen an mete fen nan kontra li genyen ak mèsenè etranje yo.

Nan rapò sa a, Fondasyon Je Klere estime lèt chèf gang Wilson Joseph, alyas « Lanmò San Jou », te voye bay Sekretè Jeneral Nasyonzini an, António Guterres, kapab reprezante yon okazyon pou kominote entènasyonal la pran dispozisyon kont enpinite gwoup ame yo.

Òganizasyon an konsidere gwoup sa yo kòm òganizasyon teworis epi li mande pou Nasyonzini pran mezi ki kapab pèmèt konbat yo pi efikasman.

Nan sans sa a, FJKL plede pou gen yon kad jiridik ki byen defini pou reglemante entèvansyon militè salvadoryen yo sou teritwa ayisyen an. Li ensiste pou nenpòt operasyon konsa fèt nan respè dwa moun ak prensip legal ki aplikab yo.

Yon lòt pa Fondasyon Je Klere (FJKL) mande Komite kont Teworis Nasyonzini an pwofite demann chèf gang « Lanmò San Jou » te fè Sekretè Jeneral ONU an pou mete fen nan enpinite gang yo ann Ayiti. Dapre òganizasyon an, panik gang yo apre anons prezidan salvadoryen Nayib Bukele sou yon posib entèvansyon militè montre echèk Leta ayisyen an ak misyon ONU yo nan batay kont ensekirite a. FJKL mande ranfòse koperasyon militè ant Ayiti ak Salvadò. Li denonse tou zak gang yo sou popilasyon an, pandan l ap fè konnen bandi yo pa ka prezante tèt yo kòm sen jodi a apre tout mal yo fè.

FJKL pwopoze mete fen nan kontra ak mèsenè etranje yo

Yon lòt rekòmandasyon enpòtan nan rapò a konsène kontra gouvènman ayisyen an genyen ak mèsenè etranje yo. Fondasyon Je Klere mande otorite yo rezilye kontra sa a epi reoryante resous finansye ki te prevwa pou li yo nan fòmasyon entansif jèn sòlda ayisyen.

Dapre pwopozisyon òganizasyon an, fòmasyon sa a ta dwe fèt avèk sipò ak akonpayman Salvadò, yon fason pou ranfòse kapasite Fòs Ame d Ayiti (FAd’H) nan batay kont gwoup ame yo.

Atravè rekòmandasyon sa yo, FJKL mete aksan sou nesesite pou Ayiti jwenn yon estrateji sekirite ki chita sou koperasyon entènasyonal, ranfòsman kapasite militè nasyonal la ak respè dwa moun.

Rapò 4 novanm 2026 la vini nan yon kontèks kote ensekirite gang ame yo rete youn nan pi gwo defi otorite ayisyen yo ap fè fas ak li.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841