Enskripsyon Martine Moïse nan kous prezidansyèl la soulve yon seri entèwogasyon ki depase senp patisipasyon yon ansyen premye dam nan yon konpetisyon elektoral. Dimanch 15 novanm 2026, nan dènye jou enskripsyon sou platfòm Konsèy Elektoral Pwovizwa a, vèv prezidan Jovenel Moïse la enskri anba banyè Gwoupman Angaje pou Demokrasi (GAD). Mèkredi 25 novanm, li retounen ann Ayiti pou kontinye demach ki nesesè pou konplete dosye kandidati li. Pou moun ki t ap suiv lavi politik peyi a pandan administrasyon Jovenel Moïse la, posibilite pou ansyen premye dam nan antre nan yon konpetisyon elektoral pa yon kestyon ki parèt pou premye fwa. Te deja gen espekilasyon sou anbisyon politik li, swa pou yon pòs senatè nan Nòdwès, swa pou prezidans peyi a. Sepandan, entansyon sa yo, menm jan ak pozisyon Jovenel Moïse sou eventualite yon kandidati madanm li, pa t jwenn konfimasyon piblik ki pèmèt nou prezante yo kòm verite istorik. Jodi a, kestyon an pran yon lòt dimansyon. Martine Moïse pa prezante tèt li sèlman kòm vèv yon prezidan asasinen, men kòm yon pèsonalite ki gen anbisyon pou dirije Repiblik la. Nan ki mezi pwojè politik li enskri nan kontinite administrasyon Jovenel Moïse la? Ki distans li kapab etabli ant eritaj politik mari li ak pwòp vizyon li genyen pou peyi a? Paske prezidans yon Repiblik pa yon patrimwàn familyal, nonplis li pa yon eritaj ki transmèt otomatikman. Li se yon manda politik pèp la konfye yon sitwayen sou baz yon pwojè kolektif.
Youn nan dimansyon ki pi delika nan demach Martine Moïse la rete dosye asasina mari li, 7 jiyè 2021, yon evènman ki kite yon gwo sikatris nan istwa politik peyi a. Plis pase senk lane apre trajedi sa a, kestyon responsabilite, verite ak jistis kontinye okipe yon plas santral nan deba piblik la. Pandan sistèm jidisyè ayisyen an ap evolye ak anpil difikilte nan tretman dosye a, pwosedi jidisyè Ozetazini deja débouche sou plizyè kondanasyon. Nan dat 19 novanm 2026, Depatman Lajistis ameriken an anonse yon lòt vèdik koupabilite nan dosye asasina ansyen prezidan an. Nan kontèks sa a, li lejitim pou nou mande ki plas kestyon jistis pou Jovenel Moïse pral okipe nan pwojè politik Martine Moïse la. Yon fanm ki pèdi mari li nan sikonstans trajik konsa gen tout dwa pou l reklame jistis. Men, nan yon Repiblik demokratik, rechèch jistis dwe rete anba otorite enstitisyon jidisyè endepandan, kèlkeswa moun ki okipe prezidans lan. Ki garanti Martine Moïse kapab bay sou separasyon pouvwa yo si li ta rive alatèt peyi a? Kijan li prevwa fè diferans ant revandikasyon lejitim yon fanmi ki viktim ak responsabilite yon chèf deta devan tout sitwayen? Soufrans pèsonèl kapab sèvi kòm pwen depa yon angajman politik, men li pa kapab poukont li konstitye yon pwogram gouvènman. Menm jan an tou, nou pa kapab atribye ansyen premye dam nan yon entansyon revanj oswa yon estrateji viktimizasyon san prèv ki etabli sa. Se deklarasyon li, pwogram li ak angajman piblik li ki dwe pèmèt nasyon an konprann vrè fondasyon demach politik li.
Ayiti jodi a pa menm Ayiti Jovenel Moïse te jwenn lè li te pran pouvwa a an 2017. Peyi a ap travèse yon kriz kote ensekirite, feblès enstitisyonèl, enpinite, depandans ekonomik ak deplasman popilasyon an mete fondasyon Leta a anba yon presyon konsiderab. Dirije yon peyi nan kondisyon sa yo mande plis pase yon non ki deja konnen, yon eritaj politik oswa yon kapital senbolik. Sa mande eksperyans nan jesyon zafè piblik, kapasite pou negosye, konprann rapò fòs yo, konstwi yon ekip konpetan, egzèse otorite Leta nan limit lalwa epi devlope yon diplomasi ki kapab defann enterè nasyonal yo. Poze Martine Moïse kesyon sou preparasyon politik li pa dwe soti nan yon lojik machis ki ta vle fè kwè prezidans lan se yon privilèj gason. Okontrè, se menm nivo egzijans sa yo nou dwe genyen anvè tout moun ki aspire dirije Repiblik la, fanm kou gason. Ki doktrin sekirite li genyen? Ki vizyon ekonomik li pwopoze? Ki estrateji li genyen pou rebati enstitisyon yo? Ki ekip ak ki pwogram politik li mete sou tab la? Nan moman bato nasyonal la ap navige nan mitan yon tanpèt, idantite moun ki mande pou pran gouvènay la pa sifi pou esplike ki direksyon li vle bay bato a. Se poutèt sa, dèyè tout dimansyon senbolik kandidati sa a, gen yon kestyon fondamantal Martine Moïse gen responsabilite pou l reponn devan nasyon an: ki sa li vin fè nan politik ayisyèn nan, e ki pwojè Repiblik li pote pou pèp ayisyen an?
Jean Launy AVRIL
DG ak Editoryalis, Centre à la UNE


