Bawo avoka yo nan Mibalè mete yon nòt deyò pou mande tout avoka ki fè pati bawo a pou kanpe travay jiskaske yo jwenn liberasyon ansyen batonye lòd avoka yo nan Mibalè Mèt Jean Ernst Chery bandi kidnape mèkredi 8 jen 2022 a. Se Mèt Joël LUBIN aktyèl batonye lòd avoka yo nan Mibalè Mibalè ki siyen nòt sila vandredi 10 jen 2022 a. Batonye LUBIN pwofite mande tout lòt bawo avoka nan peyi Dayiti pote solidarite ak yo pou yo ka jwenn liberasyon ansyen batonye Mèt Jean Ernst CHERY.

PIBLISITE PEYE

N ap raple bandi te rive kidnape Mèt Jean Ernst CHERY mèkredi 8 jen 2022 a nan rejyon metropolitèn (pòtoprens) pandan l t ap sòti nan yon reyinyon nan palè nasyonal selon sa fanmi li esplike. Kidnapè yo deja kòmanse negosye ak fanmi an, yo mande 100 mil dola US. Mèt Chery se te ansyen batonye lòd avoka nan Mibalè, PDG radio Magorizon Sodo.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....