Ane lekòl 2022-2023, Paran p ap oblije achte yon pakèt liv nan 1e ak 2e ane. Se youn nan mwayen Leta ap konbat lekòl plizyè vitès k ap fòme divès kategori sitwayen, ki pa gen menm chans pou reyisi nan lekòl ak nan lavi. Leta deside konbat eksklizyon ak vilnerabilite ki bay vyolans n ap viv la.

Liv Inik 1e ak 2èm Ane fondamantal ap gen 5 matyè obligatwa ki nan pwogram yo: Kreyòl, Franse, Matematik, Syans sosyal ak Syans eksperimantal. Liv Inik sa ap ekri an kreyòl, mizapa matyè Franse. L ap gen kaye egzèsis k ap pèmèt Anseyan itilize kreyativite yo pou fè timoun yo fè aktivite atistik, kiltirèl, syantifik pandan y ap aprann. Liv Inik la ap vini tou ak, fich pedagojik, tablo pwogresyon chak semèn k ap ede Anseyan itilize yo pou pemet elèv reyisi. Konsa Jaden eskolè ka sèvi pou aprann matematik, syans eksperimantal…

MENFP HAITI Officiel p ap fè kado Liv Inik yo k ap rete pwopriyete Leta. L ap remèt chak Konsèy Lekòl (Paran Direksyon…) nan lekòl piblik ak prive yo pou tout elèv ka itilize l.

Ane lekòl 2023-2024, MENFP ap kontiye Liv Inik la nan 3èm ak 4èm Ane Fondamantal. Se konsa n ap konbat lekòl plizyè vitès ak soulaje Paran ki p ap oblije achte anpil liv.

Avèk Inifòm Inik nan lekòl piblik, nan ane 2015, ki elimine vyolans kote elèv sispann batay ant yo, MENFP ap vanse ti pa, ti pa nan lekòl egalite-fratènite «L’Union fait la Force», jan zansèt yo te trase chimen an. Zam te ban nou yon Peyi, Edikasyon ap ba nou yon Nasyon !

LekòlPaKaTann

Nesmy Manigat

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841